Senk prizonye mouri nan prizon sivil Tigwav la soti 31 me pou rive 7 jen 2023

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
senk prizonye mouri nan prizon sivil tigwav la soti 31 me pou rive 7 jen 2023

Sant detansyon yo an Ayiti kontinye ap konte kadav. Senk prizonye mouri nan prizon sivil Tigwav la soti 31 me rive 7 jen 2023, daprè Mèt Valenbrun Jasmin, jij adjwen nan Tribinal Lapè nan jiridiksyon sa.

Move kondisyon detansyon, mankman swen medikal, se prensipal kòz lanmò prizonye sa yo, daprè yon rapò legal responsab yo pibliye, anvan yo te bay lòd pou yo leve kadav yo pou mete yo nan yon mòg nan komin lan.

- Advertisement -
Ad imageAd image

N ap raple, se pa premye fwa sitiyasyon sa rive andedan prizon sivil yo nan peyi a. Anplis mankman laswenyay ak touman maladi ki konn tiye prizonye yo, grangou konn ajoute pami kòz yo. Lajistis kondane tout move tretman sou prizonye yo paske malgre tout pèn, yon prizonye se yon moun.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.