Livres en Folie: Patisipasyon reyisi pou MENFP ki distribiye anviwon 3 000 egzanplè

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
livres en folie patisipasyon reyisi pou menfp ki distribiye anviwon 3 000 egzanplè

Ministè Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl (MENFP) make, yon lòt fason ane sa, patisipasyon l nan 29èm edisyon “Livres en folie ” an. Nan kad evènman sa ki dewoule ayè jedi 8 jen 2023 a, MENFP distribiye anviwon 3 000 egzanplè “Liv Inik an kreyòl” la.

Vrèman vre, anplis sipò l ak gwo inisyativ sa ki ankouraje pwodiksyon savwa ak konesans, se te yon lòt okazyon pou MENFP te kontinye fasilite gran piblik la konprann pi byen epi gen aksè ak « Liv inik an kreyòl » pou klas premye ak dezyèm ane fondamantal.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan yon nòt, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl fè konnen, nan aktivite sa ki dewoule ayè jedi an, nan otèl Karibe, Petyonvil, anpil moun – timoun tankou granmoun – te vizite estann MENFP a kote yon ekip teknisyen ak kad ki sòti nan Direksyon kourikoulòm ak kalite, nan Direksyon ansèyman fondamantal, nan Radyo Tele Edikativ, nan Inite teknoloji enfòmasyon ak kominikasyon nan edikasyon, nan Biwo kominikasyon ak nan Direksyon api pou ansèyman prive ak patenarya te akeyi yo, prezante Liv Inik lan, epi remèt bay chak vizitè yon egzanplè Liv sila.

Daprè Ministè a, patisipan yo te kontan resevwa gratis liv lekòl sa. Genyen ki avwe yo resevwa liv sa akoz pitit yo ki prale nan premye oubyen dezyèm ane fondamantal pou ane lekòl k ap vini la. Gen lòt grandèt ki vin pran liv la pou yon ti neve, yon ti nyès ou byen yon timoun ki pwòch yo. Gen lòt tou ki vle gade epi konprann kontni « Liv inik an kreyòl » la.

Pou otorite yo nan ministè Edikasyon nasyonal, « Liv inik an kreyòl » la se yon inisyativ k ap pèmèt plis jistis sosyal, plis aksè ak ekite. Inisyativ sa vize bay tout timoun – san distenksyon – menm chans pou devlope kapasite ak konesans yo epi reyisi pakou lekòl yo pi byen, paske « Liv inik an kreyòl » la gen ladan l tout sa ki nesesè pou yon timoun ki nan premye oubyen dezyèm ane fondamantal dwe konnen; tout sa ki gen pou wè ak lekti, matematik, syans eksperimantal ak syans sosyal jan sa ye nan pwogram etid lekòl fondamantal la.

Se sèten, sou reyaksyon piblik la, se yon patisipasyon reyisi pou MENFP nan gwo evènman sa ki pèmèt anpil moun rive jwenn ak konprann pi byen aksyon refòm k ap fèt nan sektè edikasyon an.

Yon lòt bò, Ministè a enfòme yo deja koumanse travay ak tout aktè yo sou preparasyon Liv inik pou twazyèm ak katriyèm ane fondamantal. Daprè MENFP, yon gwo atelye gentan bay prensipal editè yo oryantasyon sou dosye sa.

Nan sans sa, Ministè Edikasyon Nasyonal fè konnen gen lòt etap ki pral franchi nan jou k ap vini yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.