Sezon siklòn : Semanah entèdi tout aktivite sou lanmè nan peyi a jiska nouvèl lòd

Jim Larose
ParJim Larose- Rédacteur
sezon siklòn semanah entèdi tout aktivite sou lanmè nan peyi a jiska nouvèl lòd

Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil mande pou tout moun sispann tout aktivite sou lanmè nan peyi a depi jodi vandredi 23 jen an jiska nouvèl lòd.

Se nan yon nòt Pwoteksyon Sivil pibliye sou Twitter, jodi vandredi 23 jen an, li mande tout maren, amatè ak kaptenn bato, péchè, operatè kabotaj, plezansye ak lòt moun ki konn pran lanmè, pou yo kanpe sou aktivite lanmè yo, sitou nan kot Sid peyi a, jiska nouvèl lòd.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan menm dokiman sa, Pwoteksyon Sivil presize se vre sant siklòn lan ap pase sou lanmè lwen kòt Sid Ayiti yo, men sa p ap anpeche li lakòz lapli sou peyi a sitou nan depatman Sid pandan finisman semèn lan.

Se pou rezon sa menm li mande “popilasyon nan tout 10 depatman peyi a, sitou moun ki rete nan zòn malè pandye yo, tankou bò lanmè, bò rivyè, bò ravin, nan flan mòn, pou kontinye rete veyatif.”

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jim Larose
Par Jim Larose Rédacteur
Follow:
Journaliste-Rédacteur • Écrivain • Juriste • Ami de la lecture • Passionné des métiers de la plume.