Minis Jistis ak Sekirite Piblik la Me Berto Dorcé nan tèt yon delegasyon ale nan peyi Nicaragua. Padan vwayaj sila Minis la rankontre ak responsab Gwoup Aksyon Finansye (GAFI) pou revize lejislasyon ayisyen an.
Li te patisipe mèkredi 7 septanm sa a nan Managua ki se kapital peyi Nicaragua, nan yon reyinyon avèk Gwoup Aksyon Finansye (GAFI).
Objektif reyinyon sa a se revize lejislasyon ayisyen an sou krim finansye yo yon fason pou satisfè egzijans entènasyonal la a pou evalyasyon risk yo.
Daprè yon nòt Ministè Jistis ak Sekirite Piblik , rankont sa a gen pou objektif tou pou swiv angajman Ayiti pran nan batay kont blanchi lajan ak finansman teworis.
Minis Jistis ak Sekirite Piblik la, Berto Dorcé gen avèl yon delegasyon ki gen ladanl plizyè reprezantan enstitisyon yo Tankou Bank Repiblik Ayiti (BRH) ak Inite Santral Entèlijans Finansye (UCREF).
Facebook Comments