Sistèm Delidoc la lan, li bay anpil mesaj erè, daprè ansyen DG Konatèl la

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
sistèm delidoc la lan, li bay anpil mesaj erè, daprè ansyen dg konatèl la

Depi aprè Gouvènman te lanse vandredi pase a platfom DELIDOC ki pral pèmèt sitwayen yo soumèt aplikasyon paspò yo ak kat idantite yo sou entènet, anpil moun jwenn gwo difikilte sou sistèm nan. Se sak fè, Ansyen Direktè Jeneral Konatèl la, Jean Marie Altema fè konnen, sistèm DELIDOC la lan, li bay anpil mesaj erè.

« Tou sa m eseye apre anpil pasyans, mwen pa ka fè similasyon randevou pou demann paspò sou DELIDOC la », te ekri Jean Marie Altema nan yon seri Tweet, tout pandan li kontinye pou l di, « sistèm nan lan, li ban m anpil mesaj erè m pa konprann. Li pa janm rive jenere yon konfimasyon. Anplis, moun konfime m yo gen randevou lòt moun ak anpil done pèsonèl yo ».

- Advertisement -
Ad imageAd image

Se sak fè, ansyen DG Konatèl la fè konnen Delidoc.gouv.ht a se yon bon inisyativ, lè n konsidere kontèks la ak fasilite teknoloji yo ofri. Sepandan, si sistèm lan rete konsa, mete sou sa feblès administrativ nan leta, delidoc la ap plis pase yon echèk. L ap konpwomèt done pèsonèl sitwayen yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.