Aprè defèt ekip Bayern nan Etihad Stadium nan fas ekip Manchester City a nan kad kadefinal Champions League la, yè madi a. Sadio Mané ak Leroy Sané mete men nan vestyè a aprè anpil pale anpil depi sou teren an. Pou kounya vestyè klèb Almann tèt anba nan men Thomas Tuchel, ki fèk rive nan tèt ekip la.
Debi Thomas Tuchel ak ekip Bayern Munich lan, kòmanse mal, pou ansyen antrenè Chelsea a. Aprè eliminasyon ekip la nan Koup Almay la fas Fribourg (2-1), yè madi a, Sky Blues yo pase Bavarois yo yon leson foutbòl nan Etihad Stadium nan (3-0). Aprè defèt sa, Sadio Mané ak Leroy Sané fè gwo bri nan vestyè a epi batay.
Daprè jounal « Bild » la, 2 jwè Bayern yo te kòmanse gen gwo pale anpil sou teren an. Aprè rankont lan, ansyen jwè Liverpool la ta sanble pase Leroy Sané yon kout pwen nan figi l nan vestyè a. Pou sa pat al pi lwen, lòt jwè yo te kouri mete yon ola nan koze a.
Pou jis kounye a direksyon klèb la poko bay okenn detay sou sa ki pase a. Yon sitiyasyon ki parèt konplike pou Thomas Tuchel ki fèk rive nan tèt ekip la. Bayern k ap bezwen fè yon remontada 4-0 sou Citizens yo pou match retou a, yon biyè kalifikasyon pou demi final Champions League la, ki parèt enposib.
Facebook Comments