Nan yon kominike pou laprès ki pibliye jodi 12 avril lan, responsab Lapolis yo anonse arestasyon ayè madi an Prévot Mozard, chofè ansyen senatè John Joël Joseph, pou enplikasyon l nan dosye lanmò Jovenel Moïse lan.
Nan kad yon operasyon plizyè inite nan Lapolis la mennen ayè madi an, Prévot Mozard ki te gen manda dèyè l pou enplikasyon l nan asasina ansyen prezidan an, jwenn arestasyon l nan Dèlma 41.
Daprè biwo kominikasyon Lapolis la, nan fouy ki fèt lakay sitwayen sa, ajan lòd yo rive rekipere plizyè materyèl, pami yo yon zam 9mm, yon chajè ak 12 katouch epi twa motosiklèt.
Pou kounya, Prévot Mozard twouve l nan gadavi avan pou yo transfere l bay otorite lajistis yo ki pral gen pou fè swivi yo.
N ap raple, nan menm kad dosye asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse lan, John Joël Joseph ta pral jwenn arestasyon l aprè plizyè mwa nan mawon.
Facebook Comments