Snoop Dogg refize 100 milyon dola pou l met foto l kòtouni sou OnlyFans

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
snoop dogg refize 100 milyon dola pou l met foto l kòtouni sou onlyfans

Anekdòt ki dwòl yo, se lakay Snoop Dogg n ap jwenn pifò. Rapè Ameriken an gen yon dènye koze tèt chaje ki pote non l : li ta refize 100 milyon dola pou l met foto l toutouni sou OnlyFans.

Jan nou konnen l deja, OnlyFans se yon platfòm ki bay pèsonalite yo posiblite pou yo poste kontni entim yo pandan fanatik yo pral peye pou yo konsome yo. Snoop Dogg jwenn yon okazyon an lò pou l te leve yon paktòl gras ak platfòm sa a, men li kite l pase.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pandan l te nan emisyon Wake & Bake With Double S Express, rapè a t ap esplike jan li te jwenn yon pwopozisyon ki te ka fè pòch li bèl gras ak OnlyFans : ” Yo te di m, ou vle fè 100 milyon dola ? Tout sa w gen pou w fè se mete afè w deyò”, se sa Snoop Dogg te deklare.

Yon pwopozisyon ki te parèt bèl anpil, men Snoop te oblije refize epi li esplike rezon ki mennen desizyon sa : “Mwen gen yon fanm nwa. Pa gen okenn mwayen pou yon bagay konsa ta fèt”. Shante Broadus, madanm rapè a pa t ap janm dakò l aksepte yon pwopozisyon konsa.

San respè pou madanm li, Snoop Dogg te kapab plen pòch li pandan li t ap konkli dil sa. Yon okazyon rapè a kite pase.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.