Solidarite ak atizan yo nan Vilaj Atistik Noailles ap kontinye

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
solidarite ak atizan yo nan vilaj atistik noailles ap kontinye (1)

Òganizasyon Nasyonzini pou Edikasyon, Syantifik ak Kiltirèl (Unesco) anonse yon èd entèresan pou Vilaj Noailles nan lide pou sipòte fè koupe yo.

Vrèman vre, aprè fwa ki te òganize nan benefis atizan Vilaj Noailles yo, solidarite yo ap kontinye. Fwa sa se UNESCO ki anonse yon sipò.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan yon seri tweet, UNESCO fè konnen Komite Entègouvènmantal pou Sovgad Eritaj Kiltirèl Imateryèl yo te apwouve, 5 jen 2023 a, yon demann pou asistans ijans pou Ayiti.

Daprè antite Nasyonzini an, yo te bay 280,000 dola ameriken pou pwoteje tradisyon fè koupe a an Ayiti.

N ap raple, depi kèk tan, Vilaj Atistik Noailles ap sibi gwo defi kote yo viktim atak moun ak zam, sa ki vin fè pwodiksyon yo bese epi lakoz pwoblèm pou atizan yo ki paka reponn ak bezwen yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.