Swit ak akizasyon koripsyon ki peze sou do l, Anbasadè Bocchit Edmond sòti nan silans li

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
swit ak akizasyon koripsyon ki peze sou do l, anbasadè bocchit edmond sòti nan silans li

Nan yon deklarasyon ki pibliye nan dat jedi 04 me 2023 a, Bocchit Edmond, ki raple pou kounya nan pòs anbasadè Ayiti nan peyi Lèzetazini li te ye, pran lapawòl pou pote yon demanti fòmèl sou divès akizasyon li genyen sou do l.

Nan yon rapò, Ministè Afè etranjè (MAE) te revele Chanselye ayisyen an, enplike  nan yon gwo operasyon trafik ilegal paspò nan Anbasad Ayiti ki Etazini an. Genyen lòt non ki site nan zafè sila tou tankou Bettina Edmond, Gélorme Juste, Emmanuel Content, pami kèk lòt.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pou defann tèt li, M. Edmond ekri nan deklarasyon sila akizasyon sa yo fèt nan lide pou sal imaj 32 lane sevis piblik li genyen nan tèt diplomasi ayisyèn nan.

“Pandan otorite ki konpetan yo enfòme gran piblik la sa komisyon ant ministè yo konkli ankèt sou kesyon 18 pou rive 21 avril 2023 a, m ap siyale mwen pa responsab okenn zak prejidis, alewè pou koripsyon, kòm anbasadè peyi m nan Wachinnton.”

Yon lòt kote diplomat la mande pou ta fòmèlman gen yon odit ki fèt nan Anbasad la.

“Èske li ase pou raple nan baz eskandal sa a se lefèt ladwàn ameriken yo, nan mwa jen 2021, te sezi divès pake ki te gen $50,000 ladan yo ki soti nan peyi Chili, yo te voye pa kourye nan rezidans pèsonèl Gélorme Juste, kouzen ansyen Minis Afè Etranjè nan epòk la, Claude JOSEPH, ki te nonmen li responsab seksyon konsila anbasad la. Tout moun konnen mwe pa t gen kontwòl Gélorme Juste, ki te fè fas dirèkteman ak kouzen li ki minis.” – Edmond Bocchit

Pa bò kote pa l li afime li pa gen anyen pou wè, ni dirèkteman ni endirèkteman, ak zafè sa a, yo te sèlman rapòte l atravè kanal diplomatik Depatman Deta Etazini an nan mwa Out 2021.

“Mwen te enfòme imedyatman Ministè Afè Etranjè ak Afè Relijye yo pou yon swivi apwopriye. Epitou, komisyon entèministeryèl la pa t jwenn okenn prèv ki kore akizasyon rapò MAE te fè sou lidèchip ansyen Minis Claude Joseph”, li kontinye pou di.

Bocchit Edmond fè konnen kòm fonksyonè Leta li fè rezèv sou dosye sila, men nan estad bagay yo ye la si se pou defann onè l l ap vide dosye atè ak sans devwa sivik egi li genyen.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Bocchit Edmond, ansyen prezidan Jovenel Moïse te nonmen 16 novanm 2020 pase a, raple nan Pòtoprens. Se minis MAE a Victor Geneus ki konfime nouvèl rapèl sila ki jwenn orijin li nan mwa desanm 2021 lè ansyen senatè Youri Latortue, ansyen prezidan Komisyon etik ak anti koripsyon Sena a, te fè konnen gen plizyè kad nan Anbasad Ayiti ki nan Wachinton te detounen yon montan ki estime ak prèske 4 milyon dola.

Zafè jesyon kòb paspò, kontra nominasyon, elatriye, se kèk nan veritab kòz eskandal sila Chanselri a pa bay apwobasyon l.

Malgre non Louis Harold Joseph, yon ansyen anbasadè Ayiti nan ane 2010-2011 ap sikile kòm ranplasan l, Anbasadè Edmond di se envite yo envite l nan yon reyinyon pou konsiltasyon epi li pa te resevwa okenn lèt rapèl nan men Minis Généus kontresiyen pa Premye minis Ariel Henry ki konfime yon posib revokasyon li.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.