Trafik zam: ansyen minis Bertho Dorcé odisyone on lòt fwa ankò

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
trafik zam ansyen minis bertho dorcé odisyone on lòt fwa ankò

Ansyen Minis Jistis ak Sekirite Piblik la, Bertho Dorcé te odisyone yon lòt fwa ankò ayè jedi 4 Me 2023 a, nan kad ankèt sou dosye trafik zam ak minisyon nan Pòdepè.

Malgre nan kad dosye sila a, ansyen sekretè Bawo Pòtoprens lan deja anba kòd, jij Walter Wesser Voltaire ki responsab dosye a kontinye ap mennen ankèt li san kanpe. Se nan lide sa, ayè Jedi 4 Me 2023 a, Jij la te odisyone ansyen minis jistis la yon lòt fwa ankò.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Konsènan odyans li a, ansyen detantè MJSP a di li satisfè ak tan li pase nan tèt ministè sa a epi li di li gen yon konsyans klè.

“Pa gen moun ki pi wo pase lalwa. Jan mwen te toujou vle, mwen kontinye bay egzanp, “te di Bertho Dorcé, ki fè konnen li santi li kontan anpil, lefètke li kite Ministè Jistis la ak yon konsyans klè.

Ansyen minis Jistis la ki gen akizasyon trafik zam sou do l di depi Lajistis bezwen l, l ap toujou reponn ak apèl li.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.