Ki koulè vèni mesye yo pi renmen wè sou zong medam yo?

Sam Sarah Devilus
ParSam Sarah Devilus- Rédactrice
men ki koulè vèni mesye yo pi renmen wè sou zong medam yo

Sòti nan fason fanm penyen pase pran koulè ak estil kilòt yo mete, gen yon pakèt pwen estetik mesye yo renmen wè kay medam yo. koulè vèni ki sou zong yo pa yon eksepsyon. Nan yon ti pale nou te genyen ak kèk nan mesye yo, yo te di nou ki koulè yo plis renmen wè sou zong medam yo.

Medam yo mete bèl koulè véni sou zong yo pou divès rezon: plezi pèsonèl yo, yo renmen koulè a, pou yo swanye aparans yo, pou yo bay yon bèl enpresyon nan lavi pwofesyonèl ak prive yo, elatriye. Yo konnen yo fè yon bon chwa vèni tout bon, lè yon moun fè yo yon konpliman : »zong ou bèl » vèni sa bèl sou zong ou ». Men, kisa mesye yo panse de koulè vèni ki sou zong yon fanm?

- Advertisement -
Ad imageAd image

Gen sila yo ki pa gen yon preferans vrèman, pou yo depi zong lan byen fèt, vèni an bel epi ale ak ten moun nan, yo alèz. Men gen lòt ki prefere ti koulè sonb yo tankou bèj, krèm, woz pal elatriye. Daprè yo, koulè sonb yo pi atiran, yo bay fi a yon kote sensyèl, epi koulè sa yo mwens fantezis.

Gen lòt ki prefere ble, blan, jonn, nenpòt nyans mawon, ak ble marin.

 »koulè sa yo atire m mwen pa konn sa ki fè sa, depi m wè yon fanm gen koulè sa yo nan zong yo, sitou nan men l. M toujou anvi di l zong li bèl, manvi manyen men l, » se deklarasyon Junior ki te rapouswiv pou l di, li toujou twouve yon fanm pi bèl lè zong li fèt, epi pou l mete youn nan koulè vèni sa yo. « Fanm nan pi bèl lè zong li bèl ».

Genyen tou se 3 koulè yo pa negosye se nwa, wouj ak wouj grena. Yo fè konnen koulè sa yo atiran, yo renmen wè yo e sa ki kapab parèt yon jan biza, genyen ki di koulè sa yo eksite yo. Mesye yo ap fè deklarasyon sa yo, men yo pa vle non yo site.

 »M pi renmen nwa, lè fi a gen bèl fòm zong li bèl anpil, epi li eksitan. Men wouj bèl anpil tou. »

 »Mwen, vèni wouj ka fè m souse zòtèy yon fanm alèz. Li telman bèl, li atire w. »

« Mwen renmen vèni wouj, ble, blan. M jis renmen wè yo sou zong medam yo. »

Jan yo pale tou ta fè kwè yo prefere zong ki fèt senp nan plas yon pakèt lòt dizay, menm si genyen ki bèl vre. Yo renmen lè zong lan pa twò long, ak lè li gen fòm amand. Anpil nan yo renmen zong natirèl men yo pa twò deranje si yo wè yon bel maniki ak fo zong, sitou yon bèl akrilik.

Nan peyi Lafrans, yon magazin bote te reyalize yon sondaj ki te revele plis pase 70% gason renmen vèni wouj. Pou yo menm, vèni sa gen yon kote ewotik, li montre fanm nan se yon moun ki pa kwense nan lespri l e ki renmen avanti. An Almay tou, yon etid te revele mesye yo renmen blan, wouj, ble syel ak nwa.

E wi, menm pou koulè vèni, mesye yo gen preferans yo

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Sam Sarah Devilus
Par Sam Sarah Devilus Rédactrice
Follow:
Journaliste / Communicatrice / Bookstagrameuse.