Temwayaj yon viktim kidnapin avan l te jwenn liberasyon

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
temwayaj yon viktim kidnapin avan l te jwenn liberasyon

Nou sou plizyè semèn, pou n pa di mwa, depi fenomèn kidnapin lan, yon pyon majè nan ensekirite a, konnen yon bès konsiderab pa bò isit an Ayiti. Si sa gen kèk tan lari Pòtoprens te pyeje tankou kote “Kaka kleren” tann pèlen pou chat, jounen jodi a se lòt koze, kidnapè yo yon jan pase ke yo anba dèyè yo.

Menmsi to kidnapin lan bese sou teritwa ayisyen an, toutfwa li toujou kite yon gou anmè nan bouch popilasyon an, patikilyèman viktim yo. Anplis, yo sibi anlèvman an ki kite yon twomatis majè lakay yo, yo sibi egalman lòt move zak anba men sila ki kidnape yo a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Wi, lè bandi kidnape yon moun – fanm kou gason – anplis presyon yo sibi, viktim yo souvan pase move moman anba men otè zak yo ki trete yo tankou bagay ki san valè.

*Justine (yon non nou prete), yon jèn fanm, se youn pami yo, ak dlo nan je, li esplike kalvè li te pase anba men bandi ki te kidnape l nan jou ki te 18 mas 2023 a abò machin li pandan l t ap sot achte nan yon gwo mache nan kapital la, Pòtoprens.

“Se bagay ki pi tèrib lè w wè yon gwoup moun vizaj yo bare kwaze devan w, zam nan men, epi yo di w desann, fè w monte machin yo epi bouche figi w ale ak ou”, se premye pawòl viktim lan te lanse nan temwayaj li.

Avèk anpil lapèn, jèn fanm 28 lane sa esplike kijan sa te pase pandan peryòd yo te kenbe l lan, ki te dire anviwon 4 semèn, akoz negosyasyon yo ki pa t ka dewoule jan kidnapè yo te swete l la.

Tòtire otaj yo pou fanmi yo ka peye pi vit

“Te genyen plizyè jèn gason ki t ap siveye [nou] nan espas kote m te ye a. Yo fè anpil vyolans sou mwen, menase m, joure m ak di m yon pakèt vye mo e menm mete zam bò tèt mwen. Sa ki sove m, se dèske fanmi m te kenbe sere sere nan negosyasyon yo, epi m pa t fè awogans ak yo. Bondye pou mwen m pa sibi twòp”.

“Toutfwa te gen yon mesye nan menm espas la ki te awogan anpil e ki t ap eseye antre nan santiman mesye yo [bandi yo], yo te bat li anpil, boule boutèy plastik nan men l e menm fè l fè plizyè jou san manje. Yo menm konn blese pla pye yo ak jilèt voye vinèg sou yo”, sa viktim lan rapouswiv pou di.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Tout sa yo souvan fèt, daprè temwen an, nan konesans pwòch yo, paske souvan fwa lè bandi yo t ap tòtire ak maltrete youn nan yo, pwòch yo te toujou ap koute sou liy lan nan apèl. Lè konsa se vye sansasyon.

Pwofesyonèl sante a epi ki se etidyan nan diplomasi, fè konnen bagay yo pa t dous pou li ditou, paske l te plis wè l ap sòti mouri. Kidnapè yo, malgre vèsman plizyè lajan fanmi an te fè, te refize libere li, men pito te prefere ap pase yo nan rizib di si yo pa obeyi ak egzijans yo y ap vyole li seksyèlman ale menm pou touye li.

Anplis sa, kriminèl yo te fè gwo menas si fanmi Justine – menm jan ak lòt moun yo te kidnape yo epi kenbe nan menm espas la – te kontakte lapolis sou dosye a. Kidonk pwòch madanm lan te oblije tanmen demach yo san fòs pyès otorite.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Peye dèt aprè liberasyon, yon sitiyasyon ki souvan kite viktim yo nan touman

Lè bandi fin kidnape yon moun, si yo pa touye li malgre vèsman kòb yo mande a, konsène ak pwòch li konn gen yon lòt fado pou pote ki se dèt pou peye, si pa t gen ase lajan pou te reponn ak egzijans delekan yo.

Erezman, Justine te rive jwenn liberasyon l aprè pwòch li yo te rive bay plizyè vèsman lajan, san bay detay. Men li fè konnen pwòch li yo te bay 2 ranson an ameriken epi twazyèm lan an goud paske pa t gen anyen pou te vann ak plase ankò pou te jwenn kòb, kidonk sa yo te jwenn prete a se te monnen lokal (goud). Men pou li, sa yo pa gen valè devan lavi li.

“Pou dèt m konnen m gen pou m peye ak fanmi m, se pa pale, men depi gen lavi, gen lespwa. Epi tou lavi pa gen pri”, se te deklarasyon li.

Fòk nou di, malgre tout sa yo, Justine toujou ap viv an Ayiti, malgre presyon zanmi ak kèk pwòch ap fè sou li pou l kite peyi a. Li rete kwè sa paka rete konsa. Yon jou sa va chanje pa bò isit an Ayiti.

Kidnapin lan se yon flewo ki rann sila ki viktim yo ak pwòch yo pi pòv, sitou akoz otè zak yo souvan egzije pèman yo fèt avèk lajan ameriken. Sa ki difisil pou majorite moun yo. Mete sou sa, genyen moun ki konn oblije vann byen ki presye anpil pou yo ka libere pwòch yo, e yo konn fè demach pou kite peyi a.

Kantite kidnapin yo bese akòz « Bwa Kale » a

Daprè CARDH (Centre d’analyse et de recherche en droits de l’homme), se plis pase 389 ka kidnapin ki te anrejistre pou premye trimès ane 2023 a (janvye, fevriye, mas), e sòti depi mas pou rive jounen jodia gen prèske yon dizèn ka kidnapin ki resanse nan kapital la Pòtoprens, ki se sant ensekirite a nan peyi a.

Men, depi 24 avril la, divès depatman teritwa a konnen yon bès konsiderab nan ka kidnapin yo akoz mouvman “Bwa Kale” a pèp la lanse kont bandi yo nan lari a. Men sa pa anpeche genyen kèk grenn ka ki resanse depi lè sa.

Konsa tou, jistis popilè a diminye nan kantite vòl, vyòl ak zak asasinay ki te konn resanse nan Pòtoprens ak vil pwovens yo. Bandi yo pè pou yo pa pran dekabès anba zouti pèp la itilize pou bay tèt li jistis tankou wòch, manchèt, bout bwa ak fè, kawoutchou ak gazolin, elatriye.

Ensekirite a pa epanye okenn kouch, bandi ak zam kidnape moun sòti nan ti machann pou al bout sou gwo biznismann, pase pran elèv lekòl pou rive nan inivèsitè, moun Leta kou prive, pyès pa jwenn chans anba malfektè yo ki te konn siyonnen divès kwen kapital la ak sila ki tabli kò yo nan vil pwovens yo.

Malgre jefò Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) fè pou konbat pratik malfezan sila, kidnapè yo toujou genyen kontwòl prensipal vil yo sou teritwa a. Se gras avèk volonte popilasyon an ki rann kidnapin lan rive bese, akoz konba k ap mennen kont ensekirite a sou yon lòt fòm, men sa pa anpeche bandi yo fè kèk pachat lè okazyon an prezante.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.