Lyankou: Popilasyon an wete lavi yon chofè yo akize konn pote bal pou bandi Savyen yo

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
lyankou popilasyon an wete lavi yon chofè yo akize konn pote bal pou bandi savyen yo

Olvens, yo plis konnen l sou non «Zòrèy», se non yon chofè kamyon plizyè moun nan Lyankou, nan depatman Latibonit, touye aprè yo te fin idantifye l kòm yon konplis bandi gang Gran Grif yo ki nan Savyen, nan menm depatman an.

Yo akize endividi sila kòm youn nan moun ki konn abitye transpòte bal abò machin li pou bandi Savyen yo k ap opere nan ba Latibonit la. Aprè yo te fin mete lapat sou li epi poze l kesyon, sila ki te sou plas yo pa t pran tan pou malmennen li jiskaske yo fè l rann dènye souf li. Yon kontni amatè menm montre nonm lan chita ap reponn divès kesyon, kèk tan avan yo egzekite l.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Depi plizyè ane, patikilyèman 2022 ak 2023, popilasyon an nan plizyè lokalite nan Latibonit ap pase yon kalvè anba men bandi Savyen yo. Pou rezon sila, depi lansman mouvman Bwa Kale a, popilasyon an deside kanpe pa bò kote gang Ti Mepri a pou batay avèk advèsè a.

Depi mwa me a pou rive jounen jodi a, menmsi gen plizyè peyizan ki mouri anba zak malfezan bandi Gran Grif yo, popilasyon an touye plizyè nan yo tou pandan divès afwontman. E videyo aprè batay sila yo choke moun anpil.

N ap raple, malgre divès alèt ki bay pa bò kote otorite yo ki nan Leta sou sitiyasyon sila k ap devlope nan zòn Lyankou, pami kèk lòt, anyen pa janm fèt. Olye sa yo pito fèmen je sou sa epi pa abòde kesyon an, alòske moun ap mouri la pa pakèt.

Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) pa bò kote pa l, te deja anonse l pran kontwòl plizyè zòn tankou Verèt, Machan, Lakwa Peris ak Lestè, ki nan menm depatman an, men sa pa anpeche kèk gang tankou Gran Grif ak Kokorat San Ras kontinye alonje lis viktim yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.