Tigwav: Lapolis arete yon nonm ki kouche ak yon ti gason pou 2 500 goud epi ki refize peye l

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
tigwav lapolis arete yon nonm ki kouche ak yon ti gason pou 2 500 goud epi ki refize peye l

Lapolis Nasyonal Dayiti arete ayè vandredi 30 jen 2023 a yon nonm 41 lane ak yon adolesan 16 lane aprè yon eskandal rapò sekyèl. Simplice Rolnet 41 lane, te pwomèt Cadet, yon ti gason 16 lane, 2 500 goud pou l te kouche ak li. Yon sòm lajan nonm lan te refize peye adolesan an aprè moman an.

Aksyon sa pase nan komin Tigwav kote Lapolis arete Cadet, yon adolesan ki genyen 16 lane, ak Simplice Rolnet 41 lane. Enfòmasyon yo fè konnen 2 omoseksyèl (masisi) sa yo te rekonèt yon rapò sekyèl sou demann ak òf pèsonaj 41 lane a pou 2 500 goud. Aprè Simplice Rolnet fin kouche ak adolesan an, li refize peye l kòb li te pwomèt li an, daprè sa nou aprann.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Plizyè medya lokal rapòte, adolesan an konfime li te kouche ak nonm 41 lane a pou yon afè 2 500 goud vrèman.

Viktim lan fè konnen li te aksepte ak òf mesye a te ofri l la pou l te ka kouche ak li. Yon bagay ki ta pral konvèti an eskandal paske misye Simplice Rolnet pa t vle bay adolesan an kòb la, malgre li te kouche l.

Pou moman an, 2 moun yo nan men lapolis Tigwav ap reponn kesyon lajistis annatandan swivi legal yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.