AN KREYÒL

Tomasen 37 : Plizyè militan dechouke epi mete dife lakay André Michel

Jodi mèkredi 14 septanm lan, gwo panik te renye lakay avoka André Michel nan zòn Tomasen 37, plizyè militan rantre lakay Mèt la yo kraze baryè lakou a, mete dife epi sove ak plizyè bagay ki te andedan kay la. 

Sekirite a ki te wè plizyè militan ki tap fè mannèv pou rantre andedan kay la, te kouri chape pou l li  selon sa  yon vwazen Mèt la eksplike. 

Sa pa gen 2 semèn depi divès militan nan pati politik Lavalas la te menase Mèt André Michel pou l pa pran lari prezans pèp la, ” André Michel se yon dechoukay pou n fè sou li, pou nou mande l konbyen galon gaz la vann”, se youn nan deklarasyon yo ki te vin popilè sou rezo sosyal yo depi aprè bèl kolaborasyon pòt pawòl SDP a ak gouvènman Ariel Henry a. 

Nap raple, depi lè ansyen lidè opozisyon pouvwa malouk la fin entegre ekip Ariel la, li kontre kare tout mouvman manifestasyon pèp la òganize kont lavi chè, rate gaz, elatriye. Li pa prezan ankò jan sa te konn fèt lè malere ak malerèz ho te bezwen fete, inisyatè “barikad se avni nou an”  viktim fwap sa a nan men pèp la, akòz dezakò li ak machann yo, malere yo, viktim masak yo, chofè yo, pou n site sa yo sèlman. 

Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.

Leave A Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *