Victor Oshimen kapab jwe nan Bayern sezon k ap vini

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
victor oshimen kapab jwe nan bayern sezon k ap vini

Jounal « Bild » pibliye jodi mèkredi a yon foto Victor Oshimen ki nan vil Berlin. Yon imaj ki ta vle di atakan nijeryan an ta ap prepare transfè l nan klèb Bayern lan. Yon enfòmasyon ki melanje ak anpil dout paske jwè Napoli an gen menaj li, Stéphanie, ki fèt nan vil Wolfsbourg. Men bavawa yo k ap chache yon atakan pou sezon k ap vini ta gen lide pran Napoliten an.

Nan vil Berlin, pou kèk rezon fanmi, jounal « Bild » pibliye yon foto atakan Napoli an. Sa ki ta fè kwè jwè a ap prapare rive l nan klèb Bayern lan, malgre dirijan napoliten yo mande anpil kòb pou jwè a. Bayern k ap chache yon atakan kapab tante kou Victor Oshimen lan.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè jounal « Bild », klèb italyen an mande twop kòb pou atakan nijeryan an. Daprè Il Mattino, prezidan Napoli an, Aurelio De Laurentiis, mande 150 milyon pou jwè a, sa ki fè li se 3èm jwè yo mande tout kòb sa pou li aprè Mbappé (180 milyon ewo) epi Neymar 222 milyon ewo nan lane 2017.

Sezon sa, jwè a te kontribye anpil nan 3èm tit ekip Napoli an nan Serie A aprè 33 lane. Li make 38 gòl sou 37 match nan tout konpetisyon li jwe yo. Chelsea, Manchester United, Newcastle, PSG, se kèk pami klèb ki ta swete genyen sèvis atakan Nijerya a sezon kap vini. Èske Napoli ap rive kite jwè a ale epi fè anpil lajan sou transfè a? Victor Oshimen, yon jwè ki pral chofe mèkato ete a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive