Victor Osimhen ap nan kadefinal retou Champions League la fas Milan

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
victor osimhen ap nan kadefinal retou champions league la fas milan

Naples pa rive genyen ekip Milan AC a nan kad kadefinal ale Champions League la (0-1) malgre dominasyon li nan jwèt la. Nan mikro pou laprès, antrenè Naples la, Luciano Spalletti fè konnen atakan Nigeryen an, Victor Osimhen ap nan match retour a  pou ekip Naples la a 100% madi kap vini.

Depi aprè 2 jounen FIFA yo, Victor Osimhen paka prezan pou defan koulè mayo ekip Naples la, nan kad kadefinal fas ekip Milan, absans li te peze anpil nan pwent atak ekip la, Naples pèdi 1-0. Aprè defèt la, antrenè Italyen an fè konnen jwè a ap disponib ak 100% pou match retou a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Meyè bitè Seri A (21 gòl pou 23 match) te manke Jògyen an, Kvaratshelia devan. Aprè rankont lan, antrenè a fè konnen :  » Victor Osimhen ap disponib ak 100% pou match retou a nan estad Maradona madi k ap vini. L ap la. »

Madi 18 avril 2023 la, se ap match retou Champions League la, Naples ki ap kalifye pou prmeye fwa nan istwa li pou demi final si li genyen Milan ak grenn gòl an reta li genyen an. Yon kadefinal retou ki pwomèt anpil.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive