Violette AC ap kontinye preparasyon l yo pou Lig Chanpyon CONCACAF la

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
violette ac ap kontinye preparasyon l yo pou lig chanpyon concacaf la

Aprè « Vieux Tigre » la te fin bat ekip Atletico Pantoja a (2-0) nan kad match amikal preparasyon pou Lig Chanpyon CONCACAF la, mèkredi 22 fevriye a fas ak ekip Cibao FC a Violette AC fè yon nil avan li jwe 2 lòt match chofe jarèt fas ekip Moca a epi Atletico Real nan tè Dominiken an.

Violette AC ap miltipliye match chofe jarèt li yo nan Repiblik Dominikèn avan li al jwe Lig Chanpyon CONCACAF la fas ekip Austin lan 7 ak 14 mas 2023. Nan match amikal fas ekip Cibao FC a, klèb Charles Herold Junior an, klèb ayisyen an fè 1-1, gras ak Michenaider Chery, ki fè grenn gòl la pou Violette AC.

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Vieux Tigre » la ki pa bay vag malgre kondisyon foutbòl la nan peyi Ayiti ap kontinye preparasyon li nan peyi Sen Domeng. Nan match chofe jarèt yo li gentan bat Atletico Pantoja (2-0), li fè yon nil fas Cibao (1-1), l ap gen pou l jwe 2 lòt match amikal fas ak Moca epi Atletico Vega Real avan yo vole pou Texas pou yo jwe fas ekip Austin nan Lig Champyon CONCACAF la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive