Sergio Ramos kraze yon kite sa ak seleksyon espanyòl la

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
sergio ramos kraze yon kite sa ak seleksyon espanyòl la

Aprè yon pasaj dore nan seleksyon nasyonal espanyòl la, Sergio Ramos anonse sou rezo sosyal yo jodi jedi a li mete yon bout nan karyè entènasyonal li. Ansyen jwè Real Madrid la fè 180 seleksyon epi pran yon Mondyal (2010) ak 2 Koup Ewop (2008, 2012).

Aprè yon long karyè ak Roja yo, defansè PSG a deside mete yon bout nan karyè entènasyonal li. Ansyen Chanpyon Mondyal 2010 la, anonse li pap pote mayo ekip Espay la ankò. Ansyen defansè Real Madrid la pran yon Koupdimon, 2 Koup Ewop. ansyen jwe FC Seville a fè 23 gol sou mayo wouj la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Maten an m resevwa apèl seleksyonè a (Luis De la Fuente), ki fè m konnen li pa konte sou mwen ankò. M deside mete yon fen nan pakou mwen ak seleksyon an, m te espere rete plis aprè tout bèl paj m fin ekri ak Roja a, m te anvi fini l pi byen. Lòt rezon tankou laj ak pèfòmans mwen eksplike desizyon sa tou » se sa ansyen kapitèn Roja a fè konnen.

Jwè 37 lane a, ki pote mayo Roja a 180 fwa, te patisipe nan moman istorik seleksyon an ak tout Real Madrid, nan sans sa Sergio Ramos fè konnen l ap toujou rete atache ak seleksyon an.

« M kenbe souvni yo ki pap janm efase, tit nou te batay pou yo ak sa nou te selebre ansanm yo. M ap kontinye sipòte peyi m ak anpil emosyon paske m te gen privilèj pou m te pote mayo Roja 180 fwa. Mèsi anpil ak tout moun ki te kwè nan mwen yo. » Se deklarasyon lajand espanyòl la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive