Violette AC kraze Austin nan Champions League CONCACAF la 

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
violette ac kraze austin nan champions league concacaf la 

Nan kad 8tyèm final ale Champions League CONCACAF la, « Vieux Tigre » la kase mete nan men Austin (3-0), nan lannwit madi a.  Miche-Naider Chéry fè  yon gwo match epi reyalize yon double pou klèb Ayisyen an. Match retou a ap fèt 14 mas k ap vini la, posibilite pou Violette kalifye pou kadefinal.

Ekip Vilolette AC a pran yon bon opsyon pou kadefinal Champions League CONCACAF la, aprè viktwa li sou klèb ameriken an (3-0) nan kad 8tyèm final ale Champions League CONCACAF la. Gras ak 2 gòl Miche-Naider Chéry, Violette klase Austin.   

- Advertisement -
Ad imageAd image

Klèb Ayisyen an ki pa t pè soufri nan match la epi kite posesyon balon an ak Austin, te rive fè yon match entèlijan. Ekip Violette AC a te jwe nan yon sistèm 3-4-3, Saba ak Dany Camille te byen okipe mitan  tèren an epi devan Louima St-Felix epi bitè ekip la Miche-Naider Chéry te nan atak la.   

Yon lòt bò ekip Austin lan ki t ap evolye nan yon sistèm 4-2-3-1, pa t rive enkyete ekip Violette la. Nan premye mitan match la, sou yon pas Louima, Miche-Naider Chéry ta pral ouvè eskò a (1-0, nan 12zyèm minit), epi nan 39vyèm minit menm Chéry a ta pral double miz la aprè yon pas Dany Camille 2-0), epi nan kòmansman dezyèm mitan an yon jwè Austin A. Tarek ta pral bay tèt li gòl (3-0).  

Violette ki fè yon pa pou kadefinal Champions League CONCACAF la ap jwe match retou a 14 mas kap vini la. « Vieux Tigre » la k ap fè yon eskplwa nan konpetisyon an, lè nou konnen chanpyona nasyonal la ki kanpe depi kèk tan.  

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive