Vòlè pase nan kabinè jij ki sou dosye Jovenel Moïse la ak nan grèf Tribinal Premye Enstans Pòtoprens lan

Revital Lynch
ParRevital Lynch

Moun yo pa rive idantifye rantre nan biwo jij Jean Garry Orélien ki chaje pou mennen ankèt sou dosye asasina Jovenel Moïse la epi nan grèf Tribinal Premye Enstans Pòtoprens lan.

Se Marie Rosy Ducénat nan RNDDH ki konfime enfòmasyon ki gen pou wè ak vòl sa. Gen demach k ap fèt pou rive dekouvri kantite dosye ak ki dosye kriminèl yo pote ale.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon vòl ki rive nan moman otorite peyi Jamaïque te poze lapat sou Palacios Palacios, yon kolonbyen ki enplike byen fon nan asasina prezidan Jovenel Moïse jou ki te 7 jiyè 2021 an. Pandan gouvènman ayisyen an ap Mennen demach tou pou prezime asasen an parèt devan lajistis pou reponn kesyon sou zak malonèt sa.

Nap raple te deja gen yon dosye ki te enplike premye minis Ariel Henry pou yon odisyon nan dosye a, ki te disparèt tankou yon kout zeklè nan grèf la, fwa sa yo ale pi lwen toujou.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Ray est un jeune web entrepreneur et journaliste évoluant dans le monde du multimédia. Il est un passionné de la technologie et de ses sciences connexes.