Volè touye yon rapè ameriken anndan yon restoran Ozetazini  

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
Foto : BBC

Rap ameriken an pran yon lòt frap ankò, li an dèy aprè lanmò PnB Rock ayè lendi 12 septanm lan, nan Los Angeles. Yon nonm ak zam tire l pandan l t ap manje nan yon restoran. 

Pandan rapè PnB Rock t ap dine ak madanm li, mannken Stephanie Sibounheuang, nan restoran Roscoe’s Chicken and Waffles, yon endividi parèt epi rale zam sou li epi mande l tout sal gen sou li. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon temwen sèn nan rapòte bay sit TMZ, se brake yo t ap brake atis la, epi otè zak la chwazi touye li. 

PnB ki gen bon non Rakim Hadheem Allen fèt nan lane 1991, yo rekonèt li an 2016 gras tit “Selfish”. Li sòti 2 albòm, Catch These Vibes nan lane 2017, epi TrapStar Turnt PopStars (2019). Men se gras ak kolaborasyon l fè gran piblik la konnen l tankou avèk Ed Sheeran, 50 Cent, Chance The Rapper oubyen tou Wiz Khalifa. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.