Dominiken yo ap plenyen sou fwontyè a akòz manifestasyon nan peyi Dayiti yo fè yo fè defisi 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
Foto : AyiboPost

Anpil dominiken ap plenyen sou fwontyè a, nan Dajabón, akòz pa gen zafè depi dènye mouvman pwotestasyon yo nan peyi d Ayiti ki afekte aktivite komèsyal yo, pami kèk lòt, sitou nan pak endistriyèl Codevi. 

Depi lendi, echanj komèsyal yo pa fèt, zòn nan blanch. Pa gen moun ki vin achte ni vann tou, sa lakòz anpil defisi ki depase milyon dola fèt pou komèsan dominiken yo, menm jan ak pou ayisyen yo tou. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan zòn Wanament (Juana Méndez, pou RD), manifestan yo bloke pon ki bay aksè ak popilasyon an, epi anpeche komèsan ak òm dafè rive nan mache Dajabón nan pou achte ak vann machandiz. 

Pak endistriyèl Codevi ki se yon zòn franch, paka fonksyone byen depi lendi, paske gen plizyè milye Ayisyen k ap travay la, yo pa t ka ale akòz pwotestasyon ki genyen nan peyi Dayiti kont twoub sosyopolitik ak ekonomik aktyèl la.  

Depi Dajabón, moun te kapab wè kawoutchou k ap boule epi fatra yo gaye nan tout lari a pou anpeche pasaj fèt. 

Fas ak sitiyasyon an, otorite militè dominikèn yo ki nan Lame Repiblik dominikèn nan, ak kò ki espesyalize nan sekirite fwontyè a (CESFRONT) ak plizyè lòt ajan, te ranfòse sekirite fwontyè a pou anyen pa travèse. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.