Maryaj D-Perfect ak Blondedy Ferdinand : rimè oubyen se pou tout bon ? 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
Foto : IG Blondedy Ferdinand

Relasyon Blondedy Ferdinand ak D-Perfect la kontinye chofe entènèt la menmsi pou anpil moun sa pa gen rapò ak lanmou, toutfwa bò kote 2 pèsonaj yo prèv yo depase sa moun ta kapab panse de sa yap pataje ansanm nan, ou ta kapab di nan tèt ou kisa 2 moun sa yo anvi pwouve ? Kisa yo pataje konsa kòm santiman ? Ayè madi a yo te bat bouch ak animatè Sak Cho a Guy Wewe sou yon seri imaj ki parèt flou pou entènot yo men ki gen eksplikasyon li. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Si nap fè yon ti tounen sou rankont 2 atis sa yo, se te nan kòmansman ane 2020. Aprè sòti mizik « Palmarès » Blondedy an ki te kolabore ak rapè a Fantom, ekip li a tap chèche yon nouvo kolaboratè pou atis la, yo ta pral fikse je yo sou D- Perfect. Ki te apenn ap byen pase sou plizyè mizik RNB nan epòk sa a, tankou « Number one Lady »  ki te youn nan pi gwo hit atis la. Yon non malgre tout bagay ki pat vle di anyen pou Blondedy, men ki ta pral kanmenm dakò rantre an  kontak ak jèn chantè EKIP la.  

Ou ta kapab di se yon istwa ki pran pretèks mizik, pou 2 moun yo viv reyalite yap viv jodi a, malgre tout bat bouch ki fèt ant yo 2 a, kolaborasyon an pat rive reyisi akòz D-Perfect ki pat wè enterè pa l sou kolaborasyon an « Li t ap woule m, » konsa Blondedy te deklare nan yon entèvyou ak Guy Wewe. Men yo toujou kenbe kontak epi yo te pase tan yo ap pale sou zafè mizik. 

Tankou yon kout zeklè, entènèt la vin aprann 2 moun sa yo fòme yon relasyon anmoure anmourèz ansanm, aprè gwo difikilte ak enstabilite Blondedy te fè fas nan maryaj li ak Yves, nouvo eksperyans sa a ta pral okipe entènèt la pandan plizyè ane pske fanatik Blondedy ak « D » yo pat ka konprann relasyon an akòz laj pèsonaj yo epi ran yo ki pat sou menm liy, nou kapab di atis yo viv anpil move moman sou rezo sosyal yo, sitou chak fwa yo poste yon foto ansanm. 

Samdi 10 septanm lan, sou paj Blondedy gen 14 foto ki ta pral pibliye ki te montre a klè yon maryaj ki selebre ant D-Perfect ak antreprenè a,  » Mwen di wi a bon zanmim, Mwen di wi a kè kontan, Mwen di wi a lanmou, Mwen di wi a rekomansman, Mwen di wi a lavi , Mwen di wi a bon moman, Mwen di wi lè tout moun te di non,  D-Perfect Mwen renmen moun ou fem ye a lè m avè w. Let me introduce you to Mr & Mrs Danger » se sa a nou te kapab li sou paj ofisyèl Blondedy Ferdinand. 

Èske maryaj la se yon rimè ? 

Li difisil pou yon moun ta kwè se yon rimè, akòz imaj la ki parèt reyè l jan li poste a, alòske imaj la pral debouche sou yon rimè aprè 2 atis yo ta pral pibliye premye kolaborasyon yo ki chita anba tit  » Podyab Yo » yon mizik ki antoure tout kritik yo jwenn sou relasyon an, ak dout anpil fanatik te genyen sou siksè relasyon sa a, ansanm yo montre lanmou genyen batay la, men sa ki ta pral atire atansyon nou se imaj maryaj yo ki parèt anpil nan videyo a. 

Anvan piblikasyon videyo a Ayè 13 septanm lan, atis yo te pou premye fwa bay yon entèvyou ansanm, Guy Wewe te mennen, aprè Guy ta pral mande ak atis yo si maryaj sa a reyèl oubyen se yon fason pou fè pwomosyon videyo a, 2 atis yo te ri aprè kesyon sa a,   » Podyab Yo » konsa D-Perfect te reponn an blagan.  » M vle kenbe repons lan pou mwen ak madan marye »  D-Perfect te reponn kesyon an konsa nan mikwo Guy Wewe. « Yon kesyon ki pa reponn » 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pandan entèvyou sa tou, antreprenè a eksplike rezon ki lakòz li menm ak D-Perfect poko ka fè yon pitit ansanm,  » Se yon bagay ki enposib pou mwen, paske mwen te pèdi youn nan « Tube » mwen, chak mwen ansent aprè kèk mwa mwen pèdi timoun nan » konsa li te reponn, pandan 2 atis yo rete kwè BonDye kapab fè chimen an pou yo annatandan yo ta deside swa adopte oubyen peye yon moun pou pote yon bebe nan vant pou yo. 

« Podyab Yo » ki patwone pa mayestwo Ti Regie ak Senders, se rezime deba ki pa janm jwenn fen sou rezo sosyal yo, Pwomosyon mizik lan byen bati, jan atis yo mete tèt yo ansanm nan, se yon fason pou pouve tout bon gen yon relasyon serye kap klenyonnen ant yo 2 a. Tout videyo a disponib sou paj Blondedy Ferdinand an, annatandan redaksyon an ap tann yon repons ak nouvo defi sa a  » Èske tout bon Blondedy siyen nan kaye a Madam Danger ? » 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.