Nasyonzini atravè Wo Komisarya Dwa Moun eksprime endiyasyon l fas ak nouvo plan Lèzetazini mete sou pye nan zafè imigrasyon an pou bay migran aksè rantre lakay li atravè pwogram “Pawòl Imanitè” a, sa ki kapab pyetinen dwa fondamantal migran yo genyen, sitou sa k ap fè demand azil yo.
Volker Turk ki se Wo Komisè Nasyonzini Dwa Moun di li pa pou metòd sila gouvènman ameriken an mete anplas la, yon metòd ki pa nan avantaj sila ki sou fwontyè yo.
Swit ak desizyon gouvènman ameriken an pou fasilite migran k ap sòti nan 4 peyi sa yo: Ayiti, Kiba, Nikaragwa ak Venezyela, rantre lakay li, Nasyonzini di pwosesis sila reprezante anpil menas pou dwa fondamantal resòtisan yo.
« Dwa pou chèche azil se yon dwa moun, kèlkeswa kote moun nan soti, kenpòt sitiyasyon migrasyon yo oswa fason yo rive sou fwontyè a », se deklarasyon Wo Komisè Turk, ki ajoute: « Yo pa gendwa voye pèsòn tounen nan peyi l si y ap maltrete li la, si l ap sibi vyolans ki pa fèt pou moun epi ki degradan. »
N ap raple Nasyonzini fè deklarasyon sila nan moman otorite yo Ozetazini entèdi migran yo pou vin sou fwontyè yo a ak peyi Meksik nan lide pou rantre sou teritwa ameriken an pou depoze aplikasyon yo. Depatman d Eta fè konnen tout moun ki rantre Ozetazini ilegalman, y ap voye yo tounen lakay yo san pran tan.