Yo jèn etidyan 24 lane mouri anba bal Matisan 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
yo jèn etidyan 24 lane mouri anba bal matisan 

Doukenley Dupiche, etidyan gradye nan Fakilte Dwa ak Ekonomi Gonayiv, etidyan twazyèm ane nan Syans enfòmatik nan Inivèsite Episkopal Ayiti ak etidyan gradye nan Jounalis nan ISNAC, pati pou peyi san chapo, aprè li te resevwa yon bal mawon lakay li nan Matisan, zòn wout dal. 

Jèn etidyan 24 lane a nan kèk tan ki ta pral yon enjenyè, jounalis ak avoka, te pèdi lavil aprè li te resevwa yon bal pèdi nan vant nan zòn Matisan.  Malgre tout operasyon li te sibi nan maten 30 oktòb 2022 a, nan lopital Médecins Sans Frontières nan Tabarre,  li pat rive jwenn lavi, daprè  sa gran frè li Feguens Dupiche fè konnen. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

N ap raple, fenomèn ensekirite k ap ravaje  peyi a afekte prèske tout popilasyon ayisyen an, kote yo se sib  zak sa yo, souvan etidyan ak elèv ansanm ak pwofesyonèl nan nenpòt domèn, tonbe anba bal. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.