Pandan inisyativ ap pran pou relouvri pòt lekòl yo nan peyi a, ensekirite a bò kote pa l kontinye ap fè viktim. Eustache Médor, yon pwofesè lekòl, mouri ayè jedi 3 novanm lan nan yon etablisman eskolè ki twouve l nan Dèlma 2.
Viktim lan ki se yon kad nan “Collège Véréna de l’Armée du Salut”, mouri nan aprèmidi 3 novanm lan aprè li te fin resevwa yon bal nan tèt pandan li te twouve l nan espas lekòl la ki t ap fè preparasyon pou rantre lekòl la lendi 7 novanm k ap vini an.
Daprè enfòmasyon nou rive jwenn, pwofesè Eustache Médor se te yon manm nan administrasyon enstitisyon sa e ta mouri kite dèyè 5 pitit. Viktim lan te twouve l nan moman kote te gen afwontman nan zòn Anba Dèlma ant gwoup ame ak fòs lòd yo ki t ap tante repran kontwòl Tèminal Varreux.
Fenomèn ensekirite a ki blayi sou tout kat kwen peyi a fè yon viktim anplis avèk lanmò pwofesè lekòl sa ki t ap eseye wè kijan li ka ede nan repriz aktivite eskolè yo nan enstitisyon li t ap dirije a.
Kèk jou avan dat 7 novanm anpil gwoup nan sosyete a kase randevou pou relanse aktivite akademik yo nan peyi a ki te fikse pou 3 oktòb, lanmò pwofesè Eustache Médor a lakoz plis moun kontinye pa kwè yon rantre lekòl posib nan kondisyon sa.
Facebook Comments