Omwen 19 jounalis asasinen oswa blese pandan ane 2022 a daprè RNDDH 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
omwen 19 iounalis asasinen oswa blese pandan ane 2022 a daprè rnddh

Rezo Nasyonal pou Defans Dwa Moun yo (RNDDH) nan yon kominike pou laprès li pibliye ayè jedi 3 Novanm 2022 a fè konnen sòti  janvye 2022 a pou rive Novanm 2022, omwen 19 jounalis mouri asasinen oswa blese. 

Rezo Nasyonal pou Defans Dwa Moun (RNDDH) nan kominike pou laprès sa a raple depi kèk tan ak nan yon kontèks patikilye ensekirite jeneralize sa a,  jounalis yo vize anpil an Ayiti. »Sòti janvye 2022 jiska jounen jodi a, omwen 19 jounalis te asasinen  oswa blese », te presize RNDDH nan nòt sa a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Vrèman vre, “nan sis (6) jounalis ki viktim evènman 30 oktòb 2022 a, yo ajoute sa ki vini annaprè yo : John Wesley AMADY ak Wilguens LOUISSAINT ki te mouri asasinen epi kadav yo boule, nan Laboule 12 nan dat ki te 6 janvye 2022 a.  Jounalis sa yo t ap travay respektivman pou Tande F.M. ak Sekirite Nouvèl Ayiti », te ekri RNDDH, tout pandan li fè konnen gen lòt jounalis ki te blese ak bal reyèl oswa bal kawotchou. 

 « Gen kèk ki te mouri anba bal pandan y ap kouvri mouvman manifestasyon yo, tankou Maxiben LAZARRE, yon jounalis medya an liy ki rele Rois des Infos, yo te tire pandan l ap kouvri yon manifestasyon travayè yo tap fè.  Viktim nan sikonbe anba blesi li yo anvan yo te transpòte’l nan lopital Bernard Mevs nan fen mwa fevriye », daprè RNDDH, ki fè konnen tou gen lòt ki te tonbe anba bal gang ak zam pandan yap egzèse pwofesyon yo. 

Yon lòt bò, Rezo Nasyonal pou Defans Dwa Moun yo nan peyia, (RNDDH) fè konnen nan dat ki te 25 oktòb 2022 a, nan Dèlma 40 B, moun ak  zam te tire sou machin Roberson ALPHONSE, jounalis Le Nouvelliste ak Magik 9. « Roberson  ki te blese pandan atak sa a, te deja sibi de (2) operasyon », raple RNDDH, ki souliye   24 oktòb ki sot pase a yo te jwenn kadav Gary TESS, jounalis Radyo Lebon FM, san vi, nan vil Okay, kèk jou aprè disparisyon l. 

Anplis de sa, RNDDH kwè  » pil atak sa yo kont jounalis yo pi enkyetan piske jounalis yo sibi ni anba men bandi ak zam yo ni ajan PNH yo, ki depi kèk tan, gen yo move konpòtman anvè travayè laprès yo. Se sak fè, li fè konnen  se machin prive yo lapolis itilize pandan patwouy yo. Epi anpil disparisyon fòse yo atribiye ak ajan inite espesyalize PNH yo epi yo rive aprè arestasyon ak manifestasyon anti-gouvènmantal yo te reprime ak gwo vyolans.  

Nan sans sa a, Rezo Nasyonal pou Defans Dwa Moun yo nan peyi a an jeneral, enstitisyon lapolis la prezan nan mouvman pwotestasyon popilasyon an òganize nan objektif pou reprime yo, men absan lè se bandi yo ki okipe lari a, ap manifeste pandan yo ak gwo zam nan men yo. 

Mete sou sa, RNDDH di li kondane « avèk anpil fòs disparisyon fòse ki te swiv ak ekzekisyon Ezéchiel PAUL, Enock MERIZIER, James MONDESIR, Andy MORISSEAU ak Dieupuissant ORESTIL ansanm ak ekzekisyon nan lokal komisarya Dèlma 33, Romelson VILCIN , dimanch 30 oktòb pase a”. 

Daprè RNDDH zak sa yo pa dwe rete san yo pa pini sevèman. Se poutèt sa, li mande Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) ak Enspeksyon Jeneral PNH la pou yo kòmanse yon ankèt. Epi li ankouraje yo pou yo bay tribinal represif la konklizyon yo jwenn, konsa tout ajan lapolis ki koupab nan zak sa yo, ka jwenn santans yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

 

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.