Yon 5èm ane kwasans negatif pou Ayiti

Jacky Chery
Par Jacky Chery  - Rédacteur
yon 5èm ane kwasans negatif pou ayiti
Daprè Komisyon ekonomik pou amerik latin ak karayib yo (CEPAL), Ayiti pral konnen pou ane 2023 a yon senkyèm ane kwasans negatif. Yon sitiyasyon peyi a pa t janm konnen depi 50 lane.
Yon sitiyasyon ki bay anpil kè kase kote ekonomis Enomy Germain lanse alèt la ak sosyete a an jeneral sou kriz ekonomik sa peyi a ap konnen depi kèk tan. Sou kont Twitter li, ekonomis lan pataje done CEPAL yo ki montre jan ekonomi an ap degringole an Ayiti.
Aprè yon kwasans negatif -2,0% an 2022, prévision yo pou ane 2023 a bay yon lòt ane kwasans negatif pou Ayiti avèk -0,7%. Ayiti ap youn nan de peyi nan tout Amerik la k ap gen kwasans negatif pou ane k ap vini an.
Nan tablo sa Komisyon ekonomik pou amerik latin ak karayib yo pibliye an, Ayiti ansanm avèk Chili se 2 peyi nan tout Amerik la ki pral konnen yon ane kwasans negatif pou 2023 a. CEPAL prevwa yon kwasans -1,1% pou Chili ki, pou ane 2022 a, te nan yon kwasans pozitif 2,3%.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.