Vil Rio mande Messi kite mak pye l nan Maracana a 

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
vil rio mande messi kite mak pye l nan maracana a 

Se tout monn lan ki koube anba Messi aprè l fin fè eksplwa ranpòte Mondyal 2022 a. Depatman espò nan vil Rio de Janeiro menm envite l kite mak pye l nan estad Maracana a. 

Yon jwè Ajaten k ap kite anpwent li nan estad ki pi mitik nan peyi Brezil la, sa posib. Depatman espò nan vil Rio de Janeiro ta byen renmen sa fèt avèk Lionel Messi aprè tit Mondyal li sot pran nan peyi Kata a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Lejand Ajaten an ta dwe kite mak pye l nan « Hall of Fame » estad mitik sa kote li te pran premye twofe avèk peyi, Copa America 2021 an. Se la tou l te jwe premye final Koupdimonn li nan lane 2014 e l te konnen yon defèt anfas Almay (0-1 a.p.). 

Oganis piblik la te gentan fè kapitèn Albiceleste a demand lan depi aprè dènye Copa America a. Si tout fwa sa rive fèt, Messi ap gen mak pye l bò kote anpil lejand tankou Pelé, Garrincha, Rivelino, Ronaldo, Eusebio oubyen Franz Beckenbauer.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.