Yon abit yo di ki masisi kouri kite Ejip pou l pa mouri

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
yon abit yo di ki masisi kouri kite ejip pou l pa mouri
Mark Clattenburg se yon abit Anglè mond foutbòl la konnen. Li oblije kouri kite peyi Ejip paske yo di l se masisi. Li te pè pou lavi l, li chape pou l li.
Mark Clattenburg se responsab abitraj nan Federasyon Ejipsyèn Foutbòl la. Prezidan Zamalek la, yon klèb nan kapital peyi Ejip, lanse gwo akizasyon dèyè la kòmkwa li ta yon masisi. Sa fè Clattenburg kite peyi a.
Clattenburg te kòmanse resevwa anpil menas ki sòti bò kote sipòtè Ejipsyen yo. Li remèt demisyon l kounya. Nan akizasyon l yo, Prezidan an fè konnen Mark Clattenburg  kite madanm li pou l al viv ak yon gason nan peyi a.
Nan lalwa peyi Ejip, yo pa kondane omoseksyalite. Malgre sa, pèp Ejipsyen an toujou sou mache pran nenpòt moun li konnen ki fè pati kominote LGBT a. Yon akizasyon konsa mete lavi abit la an danje.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.