Konsèy Sekirite : Antonio Rodrigue di peyi a paka tann pou yo voye yon fòs lame entenasyonal 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
konsèy sekirite antonio rodrigue di peyi a paka tann pou yo voye yon fòs lame entenasyonal 

Pandan reyinyon Konsèy Sekirite Nazyonzini sou Ayiti a ki te dewoule Nouyòk nan peyi Etazini, ayè Madi 24 janvye 2023, Antonio Rodrigue, reprezantan pèmanan Ayiti nan Nasyonzini fè konnen Ayiti pa ka tann ankò pou yo voye yon fòs lame entènasyonal nan peyi a pou kontrekare gang ak zam k ap bay popilasyon Ayisyen an  pwoblèm. 

Vrèman vre, pandan diskou li, Antonio Rodrigue te mete aksan sou jan li vin pi nesesè e ijan Kounyè a pou gen yon solisyon ki pran byen vit nan lide pou retabli sekirite an Ayiti. Se sak fè, diplomat la di, yon misyon entènasyonal dwe debake nan peyi a san pèdi tan pou vin ede Lapolis Nasyonal la nan lit y ap mennen pou kwape bandi ak zam nan peyi a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Pa gen tan ankò pou pèdi, sitiyasyon sekirite a ka vin pi mal  chak jou k ap pase », te afime 

Anbasadè Antonio Rodrigue  nan Konsèy Sekirite Nasyonzini an.

Yon lòt bò, pandan reyinyon Konsèy Sekirite sou Ayiti a, Lèzetazini ak Kanada bò kote pa yo te ensiste sou nesesite pou sipòte peyi a, e yo te fè konnen yo kontinye ap montre volonte yo pou ede Ayiti tout pandan yo pa di  anyen konkrè sou wòl yo vle jwe oswa yo kapab jwe nan misyon sila a. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.