Yon bebe 2 mwa sòti vivan aprè anviwon 5 jou pase anba dekonm

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
yon bebe 2 mwa sòti vivan aprè anviwon 5 jou pase anba dekonm
Halit Ali Talha, yon bebe de mwa ki sòti vivan anba dekonm nan dènye tranblemanntè ki pase nan peyi Tiki a aprè anviwon 5 jou anba dekonm. Daprè medya lokal yo, sekou yo ta sove l nan bra manman l ki li menm mouri.
Yon nouvèl ki prezante kòm yon mirak e k ap fè wonn tout mond lan depi pasaj tranblemanntè sa nan peyi Tiki ak Siri kote plis pase 35,000 moun pèdi lavi yo. Ti bebe sa ki gen sèlman 2 mwa, pami pi gwo reskape trajedi sa.
Halit Ali Talha ki te twouve l anba dekonm depi pasaj tranblemanntè mayitid 7,8 sa ki ravaje prensipalman pati sid peyi Tiki a, sòti vivan aprè entèvansyon sekou yo ki ta jwenn li nan bra manman l ki mouri.
Yon peryòd difisil pou peyi Tiki ki pa sispann konte kadav depi lendi 6 fevriye ki sot pase a. Daprè bilan ofisyèl yo, plis pase 35,000 moun deja pèdi lavi yo pandan sekou yo kontinye ap chache si pa genyen ki toujou kwense anba dekonm yon semèn aprè.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.