Yon bebe sòti vivan anba dekonm nan peyi syrie, pandan kòd lonbrik li poko menm koupe

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
yon bebe sòti vivan anba dekonm nan peyi syrie, pandan kòd lonbrik li poko menm koupe

Se youn nan pi gwo mirak ki fèt nan pasaj tranblemanntè 6 fevriye an, ki ravaje peyi Latiki ak Lasiri. Aya, yon ti bebe blanch ki sòti vivan anba dekonm pandan kòd lonbrik li te toujou rete tache ak manman l ki li menm mouri lè sekou yo dekouvri l lan.

Ti bebe sa ki ta pral pran nesans pandan pasaj tranblemanntè an nan peyi Lasiri, sòti kòm sèl grenn moun ki sòti nan fanmi li, aprè  batiman 5 etaj yo te ladan l lan ki ta pral plonje. Aya ki vle di « Mirak Bondye » nan lang arab, se non sa yo bay ti bebe sa ki ta pral sòti anba dekonm anviwon 10èd tan aprè tranblemanntè an.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Ti bebe sa ki se yon tifi, pèdi papa l, frè ak sè l yo, yon matant li, epi manman l pandan pasaj tranblemanntè 6 fevriye an ki ta pral frape Lasiri. Aya ki pou kounya sou responsablite yon matant ak yon tonton l ki adopte l, pral gen pou pote non defen manman l, Afraa, ki mouri pandan l t ap ba l lavi.

N ap raple, nan peyi Latiki, genyen yon lòt bebe ki te gen apèn twa semèn ki ta pral sòti vivan nan tranblemanntè 11 fevriye ki sot pase an aprè anviwon 6 jou pase anba dekonm. Timoun sa ta pral sòti vivan gras ak manman l ki te chwazi sakrifye tèt li pou pwoteje l ak kò l.

Tranblemanntè sa ki ta pral ravaje Sid peyi Latiki epi Lasiri nan dat 6 fevriye ki sot pase a, pote ale anba tè plis pase 42 mil moun nan de peyi sa yo epi fè gwo dega materyèl avèk kantite batiman ki plonje ak tout moun ladan l yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.