Prezidan ameriken an, Joe Biden te mete sou pye nan dat 5 janvye 2023 a yon pwogram Imanitè pwovizwa, kote imigran ki soti nan peyi Venezyela, Kiba, Nikaragwa ak Ayiti ap kapab antre Ozetazini pou pase 2 lane. Pa bò kote pa nou pwogram sa a ap byen mache, vrèman vre, anpil atis Ayisyen tankou Vanessa Desiré, Danola, Dibango jwenn opòtinite pou pile tè Tonton Sam nan.
Depi aprè anons pwogram viza imanitè Joe Biden nan, chak jou k ap pase anpil Ayisyen ap pran Avyon pou direksyon peyi Etazini, ladan yo nou jwenn tout kouch nan sosyete Ayisyen an tankou : timoun, granmoun, pwofesyonèl lasante, manm gouvènman, enfliyansè, chantè elatriye. Pou anpil nan moun sa yo, debake nan peyi Lezetazini se yon gwo opòtinite l ap ye pou yo.
Se ka pa Danola, entèprèt « Premye Fwa » a ki rive nan peyi Lezetazini pandan semaine sa a pou premye fwa fè konnen pile tè Tonton Sam nan se yon gwo opòtinite li ye pou li, daprè sa Danola di gras ak peyi sa li pral gen chans pou l fè mond lan konnen l.
» Son vwayaj mwen t ap prepare pandan tout vi m, paske Etazini se kote pou w pran yon lòt levèl, fè nouvo bagay, sa se pòtay ouvè pou fè mond lan konnen w », te deklare Danola nan mikwo animatè Guy Wewe, aprè animatè a te mande l depi kilè l ap prepare vwayaj sa a.
Vrèman vre, Pwogram Pawòl Imanitè a kontinye ap fè pale de li. Daprè plizyè sous aprè Danola, plizyè lòt atis Ayisyen deja kite peyi a, pou ale nan peyi Etazini se ka Zomò, Vanessa Desire ak Dibango, limenm ki te toujou nye endirèkteman li pa Ayisyen.
N ap raple se pa sèl chantè yo ki ap kite peyi a nan pwogram sa, daprè yon wo responsab nan Depatman Deta Ameriken, gen 20 polisye Ayisyen ki rantre Etazini pami tout moun ki apwouve yo. Daprè Jounal ameriken an ki mansyone responsab imigrasyon an Ayiti, omwen 1/3 nan 9,000 polisye aktif yo ap kite peyi a, parapò a demann paspò yo resevwa depi Prezidan ameriken an Joe Biden te fin anonse pwogram sa a.
Facebook Comments