Flamengo rate final Mondyal klèb yo nan peyi Mawòk 

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
flamengo rate final mondyal klèb yo nan peyi mawòk 

Nan demi final ki te opoze Flamengo ak Al-Hilal nan Mondyal klèb yo, jodi mèkredi a, klèb peyi Arabi Sawoudit la genyen  klèb Brezilyen an (3-2) epi ap rete tann  Real Madrid oubyen Al-Ahly nan final la.

Ekip Al-Hilal la siprann Flamengo nan premye demi final Mondyal klèb yo(3-2), epi valide biyè li pou final la. Ekip Sawoudyen an ap tann Al-Ahly ki se yon klèb ejipsyen oubyen klèb espanyòl la ki se Real Madrid pou final.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Ekip Al-Hilal la fè premye gòl match la nan 4yèm minit ak Salem Al-Dawsari, ekip Flamengo a ta pral egalize nan 20yèm minit yo ak yon bèl  gòl Pedro. Klèb Sawoudyen an ta pral jwenn yon lòt penal nan match la nan fen premye mitan an. Salem Al-Dawsari ta pral fè yon double nan match la.

Aprè poz la, tou 2 ekip yo tap jwe pou jwenn wout gòl la. Flamengo te vle egalize, ekip Al-Hilal la te vle tiye espwa yo. Sa ki ta pral rive nan 70zyèm minit, Ajanten an, Luciano Vietto tap pral tiye espwa ekip Flamengo a.

Nan fen match la, Pedro ta pral fè yon double pou l te redwi eka, yon gòl ki te fèt two ta. Al-Hilal ki se champyon Azi a ap tan Real Madrid oubyen Al-Ahly nan final Mondyal klèb yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive