Yon gwo dife mete nan enkyetid byen bonè jedi sa a yon gwo pati nan mache shada, komin Petyonvil. Plizyè machandiz pase anba defisi tankou Chabon, pwodwi mistik, pwodwi manje, pou n site sa yo sèlman.
Vrèman vre, nou te ka remake gwo lafimen nan zòn mache Shada a, sitwayen yo ki te kouri alète Lapolis ak Ponpye Petyonvil, Dèlma ak Taba, pat vrèman gen mwayen ase pou kanpe dife a.
Pou moman n ap ekri a, lòt estrateji deja etenn prèske tout dife a pou evite plis dega, malgre tout defisi ki deja anrejistre yo.
Facebook Comments