Pou sèlman yè, plizyè moun masakre anba bal bandi nan peyi a

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
pou sèlman yè, plizyè moun masakre anba bal bandi nan peyi a

Plizyè sitwayen viv yon jounen lanfè anba bal asasen ayè mèkredi 3 me 2023 a, malgre dènye bilan pasyèl ki pibliye sou rezo sosyal yo poko chifre. Malgre gwo mouvman « Bwa Kale » a ki ta dwe mete gwo presyon sou bandi san fwa ni lwa yo nan peyi a, malfwa yo kontinye ap simen laterè nan zòn ki antoure kapital peyi a.

Enfòmasyon ki rive jwenn redaksyon an nan lannwit 3 me a, bandi ak zam yo idantifye kòm manm aktif gang « 400 mawozo », asasinen pandan yon fiziyad Renaud Israel, chofè yon minibis ki asire trajè Beladè / Pòtoprens.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Dapre enfòmasyon yo, viktim nan, Renaud Israel, te pran bal la nan tèt pandan l t ap kondi, sa ki ta pral lakòz machin li t ap kondi a chavire sou wout la. Kèk moun ki te temwen ensidan an rapòte, yon dam ki te akonpaye chofè a ki t ap transpòte machandiz nan machin nan te blese pandan fiziyad sila a.

Yon lòt bò, plizyè moun ki abite nan zòn Fort Jacques tonbe anba bal bandi yo idantifye kòm manm baz  » Kraze Baryè » nan komin Petyonvil, prezime chèf gang Vitelhomme ap dirije, daprè jounalis Lunie Joseph, plizyè moun sasinen, poko gen yon bilan sou kantite viktim yo.

Nan yon videyo ki pibliye sou Facebook, ki sandout filme pa yon bandi, endividi ak zam k ap simen laterè nan depatman Latibonit espesyalman komin Savyen, malfwa yo touye ak bal yon dam ak yon mesye.

Jiska piblikasyon atik sa a, 9è AM, okenn enfòmasyon sou idantite viktim yo pa rekonèt.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.