Yon jenn fanm mouri anba bal nan manifestasyon Dèlma 17, lapolis akize nan krim sa a 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
yon jenn fanm mouri anba bal nan manifestasyon dèlma 17, lapolis akize nan krim sa a 

Sitwayen yo k ap revandike kont Gouvènman Ariel Henry a kontinye ap pèdi lavi yo anba bal. Ayè lendi 10 oktòb 2022 a, yon jenn fanm rive rann dènye soupi li, aprè li fin resevwa yon bal nan tèt, li mouri sou plas. 

Aksyon sa a pase devan lokal ONA ki chita nan zòn Dèlma 17 la, nan moman yon gwoup manifestan t ap pase nan zòn nan. Selon plizyè sous lokal pami yo, yon jounalis MannoActualité, se youn nan polisye yo ki te sou pòs devan lokal ONA a ki tire sou militant lan, jiskaske li bal la te pranl nan tèt. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Kadav demwazèl la te fè yon bon ti tan nan solèy la ap benyen nan san l, pandan mouvman pwotestasyon yo tap kontinye, kèk pwòch viktim nan te mete yon pakat sou vant li ki te ekri, « Ariel Kraze Peyi A». Aprè zak la a, sèten militan pat sispann lanse pawòl piman bouk sou polisye yo ki nan espas la. 

Fòk nou raple w gen plizyè moun ki te pran bal nan espas « Révélation Hôtel » ki nan Dèlma 32 a ayè lendi 10 oktòb sa a. Aksyon sa yo pase, toujou nan manifestasyon ki t ap pase sou wout Dèlma a. Moun yo pa idantifye louvri kout zam epi lakòz plizyè moun kite sou lakou otèl la pran bal nan pye, nan ponyèt elatriye. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.