Yon kalifikasyon istorik pou Violette AC nan Lig dè Chanpyon Concacaf la

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
yon kalifikasyon istorik pou violette ac nan lig dè chanpyon concacaf la
Aprè yon 90 minit plis tan adisyonèl trè difisil nan match retou uityèm definal Lig dè Chanpyon Concacaf la, Violette Athlétique Club valide biyè kalifikasyon l pou rès konpetisyon an malgre defèt yo (0-2) fas FC Austin.
Ble e blan yo ki te nan gwo difikilte pou te kapab rantre Etazini akoz pwoblèm viza, fè gwo eksplwa sa jodi madi an kote yo elimine klèb ameriken an gras ak bèl viktwa yo te fè (3-0) nan match ale an ki te jwe nan peyi Repiblik Dominikèn.
Ekip Violette lan ki te fè deplasman avèk yon delegasyon sèlman 20 moun, ladan yo 16 jwè, kalifye pou kadefinal Lig dè Chanpyon Concacaf lan, sa ki se yon eksplwa pou foutbòl ayisyen an ki pa t reyisi rive lwen konsa depi nouvo fòma konpetisyon sa.
Si VAC yo te kapab konte sou atakan vedèt yo an, Miche-Naider Chéry, ki te enskri yon double nan match ale an, jodi madi an se te tou pa Paul Decius, gadyen rezèv yo an, ki te desizif sou plizyè aksyon kote ble e blan yo te kapab pran gòl.
Malgre de gòl yo rive pran nan 51èm ak 63èm minit, jwè Rony Attimy yo reyisi konsève avantaj sa yo te genyen nan match ale an (3-0) ki pèmèt yo kalifye aswè a pou kadefinal konpetisyon sa kote y ap konn pwochen advèsè yo an nan pa twò lontan.
N ap mansyone, nan efektif 16 jwè ki te fè deplasman pou match retou sa ki jwe nan peyi Tonton Sam, genyen 2 nan jwè yo ki ta kite delegasyon an pou rete Etazini jan sa te konn abitye fèt nan yon epòk lè ekip ayisyèn yo te konn ale Etazini.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.