MENFP ak Lapolis mobilize pou lekòl yo tounen louvri pòt yo

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
menfp ak lapolis mobilize pou lekòl yo tounen louvri pòt yo

Akoz sitiyasyon peyi a k ap deteryore chak jou pi plis, plizyè lekòl nan kapital peyi a deside fèmen pòt yo. Se nan lide sa, Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la, Nesmy Manigat akonpaye ak responsab EDUPOL, te vizite lendi 13 mas 2023 a plis pase 3 lekol nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan,nan objektif pou lekòl yo tounen louvri pòt yo.

Nan yon kontèks ki difisil anpil, kote plizyè lekòl fèmen pòt yo akoz fenomèn ensekirite a k ap monte nan peyi a, vizit sa a fè pati yon apwòch ki vize ranfòse prezans lapolis nan vwazinaj enstitisyon edikasyonèl yo, epi pou sipòte lekòl sa yo, daprè sa MENFP fè konnen.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Mete sou sa, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) nan yon nòt ki te pibliye ayè Madi 14 mas la te afime, ajan Lapolis Nasyonal Dayiti (PNH) sa yo te òganize vizit sipò nan plis pase yon douzèn lekòl piblik ak prive nan Pòtoprens, Taba ak Delma.

Pandan vizit sa yo, Minis MENFP Nesmy Manigat te pwofite fè lwanj pou responsab lekòl sa yo, ansanm ak patnè yo pou angajman yo ak volonte yo pou sipòte ministè sa a, nan batay pou travay pou respè dwa a lavi , dwa ak edikasyon jèn ak timoun an Ayiti.

N ap note nan kad vizit sa yo, Minis MANIGAT te kapab vizite kolèj St François d’Assises ak Marie Esther, lise Jean Marie Vincent ak Horatius Laventure. Vizit sa yo se te yon okazyon pou nimewo 1 Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la pou l te mete aksan sou koman  edikasyon  ap reprann nan peyi a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.