Alòske Koup di mond lan ap suiv wout li kè pòpòz, menm jan nan plizyè lòt peyi, an Ayiti genyen anpil polemik ant fanatik alantou gwo evennman sila ki fèt chak 4 lane.
Anplis konkirans ki genyen ant fanatik yo k ap sipòte plizyè ekip k ap afwonte advèsè yo – pou yo li pa lòt, se Ajantin ak Brezil – gen yon veritab “feeling” nan kèk karikati k ap sikile sou rezo sosyal yo, ki anonse oubyen dedwi kijan chak match foutbòl fini, pami yo genyen zèv atis Francisco Silva.
Fransico Silva se yon karikatiris ayisyen ki toujou pran plezi pou ilistre plizyè fenomèn nan sosyete ayisyèn nan, ak nan lòt peyi, ki merite yon koudèy diferan. Li desinen sou tout sijè tankou politik, sosyete, sante, ekonomi, espò ak relijyon.
Menm si se pa premye fwa li prezante ilistrasyon sou zafè espò, Fransico Silva jwenn okazyon pou l prezante Koup di mond lan an karikati a chak fen match.
Aprè l deja prezante plis pase yon ventèn karikati ki rezime chak rankont ekip yo depi kòmansman pi gwo chanpyona foutbòl mond lan 20 novanm pase a, atis plastisyen jwenn youn nan zèv li yo ki resevwa anpil kritik pa bò kote konsomatè yo.
Wi, sa rive depi aprè viktwa Kamewoun 1 gòl a zewo sou seleksyon brezilyen an vandredi 02 desanm pase a.
Karikatis la te entèprete viktwa sila ak yon fanm ki se yon fanatik (senbolize) Brezil, ki gen yon kilòt an fè ki kadnase sou li, epi sèl bitè rankont sila ki te Afriken Vincent Aboubakar te ouvè kadna sila ak yon kle.
“OH NO!”, se sa fanm sila, ki reprezante peyi Brezil nan karikati sila, te imajine nan lespri l lè Vincent Aboubakar te ouvè Kadna a ki te pwoteje pati entim li, pandan Aboubakar te reponn pa bò kote pa l: “OH YESSS !!!”, an siy satisfaksyon.
Yon karikati ki tradui literalman sa imaj la voye kòm mesaj la: Aboubakar pral nan yon relasyon seksyèl ak fanm nan san l pa t atann li ak sa, an fonksyon repons li bay nan imajinasyon l. San konte pou anpil fanatik, sitou Ajantin, ilistrasyon sila vle di “filè Brezil (fanm nan) pa vyèj ankò, kidonk Aboubakar pran vijinite l, nan sans vilgè a « yo pete filè Brezil ».
Si karikati sila kreye lakontantman nan kè anpil moun sou rezo sosyal yo, patikilyèman Facebook ak Whatsapp pami kèk lòt, pou anpil lòt li voye plizyè move mesaj ale, pami yo vyòl.
Premye kòmantè yo pa t pran tan pou rive jwenn karikatiris Fransico Silva.
“Poukisa nou blije SEKSYALIZE yon konfwontasyon pou rann li amizan?
Poukisa reprezantasyon sa a jwenn tout apui enstitisyonèl sa yo nan yon sosyete kote TO VYÒL ap pete plafon?
Poukisa Brezil dwe yon Fanm?
Poukisa se konsa pou FANM parèt menm?
@TICKETmaghaiti
NON” : se te reyaksyon Ralph E. François, kreyatè dijital, aktivis ak antreprenè.
Li te kontinye pou di: “Rele yon fanm ki nan kategori ki sibi agresyon seksyèl, epi mande l opinyon l sou imaj la?
Mande yon tifi 16 lane, 18 lane, kisa sa vle di?
Nou pa sipoze fè pwomosyon SÈKS tankou operasyon TOUPIZI fanm. Paske vyòl gen lyen dirèk ak pouvwa sou kò yon moun.”
Anplis li menm plizyè lòt moun te kritike zèv Silva a, menm Anbasadè Kanada an Ayiti a, Sébastien Carrière te pran lapawòl sou zafè a.
“NOOOOOOOOOOOOOON Cette caricature est honteuse et inacceptable. Elle doit être retirée sous la pression de ses commanditaires. Le viol n’est pas un sujet humoristique, c’est UN CRIME.”, nou ka li nan yon mesaj li te ekri sou rezo sosyal Twitter, samdi 3 novanm nan, yon jou aprè defèt Brezil devan Kamewoun.
Pa bò kote pa l, Ticket Magazine te reponn pou defann tèt li: “Ticket remercie @RalphEFrancois & ceux qui ont réagi à la caricature sur le match Brésil -Cameroun.
Ticket, tag par M. Francois, n’a ni validé ni publié la caricature.
Ticket appelle tous les artistes à la vigilance” avèk kèk “hashtag” tankou Respè , Responsablite, Non se Non, Respekte Dwa Fanm ak Aba Amalgam.
Suit ak mezantant ki te genyen sou piblikasyon karatiki sila, nou te eseye kontakte otè piblikasyon an pou rekeyi opinyon l, men l pa t chwazi pote yon enterè patikilye ak mesaj nou.
N ap raple ka vyòl ak vyolans, sitou fanm ak tifi, vin pi kouran an Ayiti, yo souvan enplike paran, fanmi, zanmi oswa senp etranje. Aprè zak yo, kadejakè yo toujou gen tandans evapore nan lanati, si yo rive arete yo gwo lajan konn fè yo rejwenn libète kèk tan aprè. Yon pratik malsen ki souvan enplike sivil kou moun k ap travay nan Leta.
Fanm yo viktim abi prèske chak jou epi yo oblije viv ak soufrans epi regrè sila pandan tout rès vi yo, san okenn sipò nan men otorite lokal yo pafwa, dè fwa menm fanmi yo konn imilye yo.
« Kidonk piblikasyon yon kontni konsa pa denonse vyòl k ap fèt sou fanm oubyen tifi, men pito li ankouraje l », daprè plizyè plizyè moun k ap suiv Fransico Silva sou rezo sosyal yo.
Facebook Comments