Yon kout je sou fim Emasipasyon an (Emancipation) 

Sam Sarah Devilus
ParSam Sarah Devilus- Rédactrice
yon kout je sou fim emasipasyon an (emancipation) 

Jan sa te anonse depi kèk mwa, aktè Will Smith ta pral parèt nan yon fim pou premye fwa, aprè eskandal li te fè nan seremoni remiz twofe Oscar yo, nan mwa mas 2022 a, kote li te souflete Chris Rock. Fim nan sòti, men gen kèk kritik negatif ki pote sou li. 

Emancipation, se non fim sa ki sòti nan kòmansman mwa desanm nan, ki mete aktè Will Smith nan wòl yon esklav k ap tante jwenn libète l. Esklav sa te rele Gordon, men tout moun ki te konnen l nan non Whipped Peter. Sete yon esklav ki te pran anpil chaplèt nan men kolon blan, avan li te rive chape pou l li. Whipped Peter te vinn yon sijè fotografi ki montre mak kou ki nan do l yo.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Fim sa fè anpil pale de li nan peyi letranje, pou jan li reprezante esklavaj nwa yo, zak britalite ak dezimanizasyon yo. Li fè anpil pale an Ayiti tou, paske pèsonaj prensipal la pale kreyòl Ayisyen. Antoine Fuqua ki se reyalizatè fim sa, te pran kèk libète atistik ki fè l fè kèk erè kwonolojik.  

Nan fim nan, yo ta fè kwè Gordon te fèt an Ayiti epi kolon blan yo ta pral fòse l antre Ozetazini, men an reyalite, se nan yon plantasyon nan vil Lwizyan li fèt. Istwa a ap dewoule nan lane 1863, alòske nan epòk sa, Ayiti te gentan pran endepandans li. Kidonk Whipped Peter patap ka fèt nan esklavaj an Ayiti. 

Sou koze sa, anbasad Ayiti nan peyi Etazini sòti yon nòt kote li fè konnen pou kòmanse, nòt sa li sòti a se pa nan lide pou leve yon polemik ak otè senaryo a, ni direktè ak pwodiktè fim nan, men pito pou pote yon klarifikasyon sou fè istorik ki pale nan fim nan.  

« Anbasad peyi d Ayiti deplore reprezantasyon yon esklav an Ayiti, nan yon epòk kote peyi a te endepandan depi byen lontan. Si nou pran an kont sekans istorik la ki se gè revolisyonè Ayiti nan lane 1791, pase pran 18 novanm 1803 pou rive nan deklarasyon endepandans Ayiti 1er Janvye 1804, pèsonaj la paka gen okenn asosyasyon avèk Ayiti lib, endepandan, nan epòk istwa ap dewoule nan fim nan. »  

Anbasad Ayiti a di li respekte prensip libète atistik la, men gen kèk peryòd ki telman enpòtan, yo merite rapòte yo ak egzaktitid. Li rapousib pou l di nan nòt la, « Memwa sakrifis afriken ansyen esklav Ayiti yo, ak pè fondatè yo merite yon konsiderasyon apwopriye, nan yon mond ki souvan defòme konpreyansyon pwosterite evenman memorab yo.  

Emancipation pa konnen yon gwo siksè, e menm gen kèk gwo save nan koze sinema ki fè konnen, se pa pi bon fim nan pou Will Smith ta reparèt aprè gwo poz li te pran, aprè eskandal seremoni oska yo. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Sam Sarah Devilus
Par Sam Sarah Devilus Rédactrice
Follow:
Journaliste / Communicatrice / Bookstagrameuse.