Yon montan 30,6 milya goud pou Ministè afè sosyal nan nouvo bidjè an 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
yon montan 30,6 milya goud pou ministè afè sosyal nan nouvo bidjè an 

Pou egzèsis fiskal 2022-2023 a genyen yon total 30,6 milya goud ki prevwa nan bidjè an pou Ministè afè sosyal ki gen pou prensipal misyon panche sou ka popilasyon ki pi vilnerab yo nan peyi an. 

Nan nouvo bidjè 267,5 milya goud gouvènman an plas la adopte pou egzèsis fiskal sa, genyen 30,6 milya ladan l ki pral jwenn Ministè afè sosyal ak travay. Yon kantite ki reprezante 11,4% bidjè total la. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Gouvènman Ariel Henry ap dirije an ki souvan fè konnen y ap travay pou mete an plas bon jan pwogram sosyal pou soulaje fanmi ki pi vilnerab yo prevwa 11,4% nan bidjè total la ki pral pou Ministè afè sosyal ak travay. 

Pati bidjè sa ki pral jwenn MAST an klase devan 11,2% gouvènman an prevwa pou Ministè edikasyon nasyonal lan ak 10,8% ki ap la pou Ministè jistis ak sekirite piblik lan. 

Nou dwe souliye nan 30,6 milya goud ki nan previzyon bidjetè sa pou egzèsis fiskal sa genyen 6 milya ladan l ki ap sòti nan trezò piblik lan epi rès lan ki se finansman patnè entènasyonal yo. 

Sou de dènye ane sa yo, genyen yon gwo ogmantasyon nan kredi bidjetè Ministè afè sosyal lan ki sòti nan 1,4 milya pou rive jounen jodia nan 30,6 milya goud. 

N ap raple, pandan gen jefò sa yo k ap fèt bò kote gouvènman an pou soutni fanmi ki pi vilnerab yo, peyi Dayiti fini ane 2022 an avèk yon enflasyon ki touche 40% sitou avèk desizyon ki te pran pou monte pri pwodui petwolye yo ki gen gwo konsekans sou pri pwodui premye nesesite yo. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.