Messi ak Cristiano Ronaldo pral rekwaze sou teren ! 

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
messi ak cristiano ronaldo pral rekwaze sou teren ! 

Paris Saint-Germain anonse li pral jwe yon match amikal kont yon ekip ki regwoupe sipèsta nan Al Hilal ak Al Nassr, 19 Janvye k ap vini la a. Se pral okazyon pou n rewè Messi ak Cristiano k ap toke kòn yo sou teren. Petèt pou yon dènye fwa. 

Nenpòt jan bagay yo vire, lanati ap toujou fè yon jan pou l jwenn Messi ak Cristiano sou menm teren pandan 90 minit. Malgre CR7 kite foutbòl Ewopeyen an, li pral kwaze ak Messi 19 nan mwa Janvye a. PSG ap kwaze, nan yon match amikal, ak yon ekip ki mete ansanm pi bon jwè Al Hilal ak Al Nassr yo. Pòtigè a fenk rejwenn dezyem ekip la. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Gwoup pwofesyonèl PSG a gen pou l fè tradisyonèl toune ivènal li nan peyi Kata. Se yon konpayi nan peyi sa ki gen kontwòl klèb kapital peyi Lafrans lan. Pou yo fini, y ap fè yon kout pye Riyadh, nan peyi Arabi Sawoudit, pou yo jwe match amikal sa. Se la tou fanatik foutbòl nan lemond antye ta sipoze jwenn chans wè rivalite yo renmen an sou teren pou yon lòt fwa, se ka menm dènye a. 

Depi lè Cristiano kite Juventus, 2 lejand yo pa janm monte menm teren, nan menm moman. Dènye fwa yo te kwaze, se te nan yon match Champions League, nan dènye match faz gwoup, an Desanm 2020. Juventus te bat Barcelone (3-0) lè sa avèk 2 gòl penal CR7 te fè. Sa te tou bay Tirinwa yo lidèchip gwoup la sou Katalan yo. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.