Migran ki vle rantre Ozetazini yo dwe ranpli plizyè kondisyon sanitè  

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
migran ki vle rantre ozetazini yo dwe ranpli plizyè kondisyon sanitè  

Moun ki vle benefisye pwogram imanitè gouvènman ameriken an mete anplas la dwe ranpli kèk kondisyon otorite amerikèn yo ekzije, pami yo resevwa vaksen kont kowonaviris la. 

Resòtisan 4 peyi sila yo k ap benefisye nouvo aksè “Humanitarian Parole” peyi Lèzetazini anonse pou 30 mil migran yo, tankou Ayiti, Venezyela, Nikaragwa ak Kiba, dwe vaksinen kont Covid-19 la, daprè sa administrasyon Biden-Harris lan fè konnen, atravè Depatman Sekirite Enteryè Lèzetazini an (DHS). 

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Benefisyè yo dwe swiv tout egzijans ki aplikab yo, jan Ofisye Medikal anchèf Depatman Sekirite Enteryè (DHS) detèmine sa, an konsiltasyon ak Sant pou Kontwòl ak Rechèch Maladi (CDC), ki gen rapò ak sante epi vwayaj la ».  

Gouvènman ameriken an endike enfòmasyon sou kondisyon sante yo, tankou polyo ak lawoujòl, ap disponib sou sit li a. 

« Kondisyon sante piblik ki pi aktyèl ki aplikab pou pwosesis sa a ap disponib sou sitwèb ofisyèl Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Lèzetazini an (USCIS) ki se www.uscis.gov/ CHNV », se detay gouvènman ameriken an bay anndan dokiman ofisyèl DHS la.  

Anplis, pou sa ki konsène tèm ak kondisyon vwayaj la, si aplikasyon an apwouve, moun ki benefisye li a ap resevwa yon otorizasyon pou rantre Ozetazini, li valab jeneralman pou 90 jou. 

DHS souliyen tou se benefisyè a k ap responsab pwòp vwayaj li nan yon avyon komèsyal. Men desizyon pou kite yon moun aksede ak teritwa ameriken an, se nan men ajan Sèvis Dwàn ak pwoteksyon fontyè Lèzetazini yo (CBP) li ye. Konsène a ka rive sou teritwa men li pa gen aksè pou rantre. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.