Yon nonm k ap netwaye soulye jwenn arestasyon l kòm toutè bandi sèvi pou fè kidnapin

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
yon nonm k ap netwaye soulye jwenn arestasyon l kòm toutè bandi sèvi pou fè kidnapin

Nan kòmansman semèn nan, Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) rive mete lapat sou yon endividi bandi sèvi kòm antèn pou fè kidnapin. Saint-Eloi Gudlet Gilbert, se idantite nonm sila fòs lòd yo prezante bay popilasyon an kòm moun ki enplike nan zak kidnapin.

Nan yon repòtaj ekip Kowòdinasyon Près ak Relasyon Piblik (CPRP) PNH la prezante, yo enfòme lapolis rive arete prezime kriminèl la devan yon otèl nan zòn Pako aprè yo te pase plizyè tan ap siveye li.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yo prezante Saint-Eloi Gudlet Gilbert kòm yon moun k ap netwaye soulye, kidonk yon chany, ki enstale kò l nan zòn kote bandi bezwen kidnape moun. Wòl li se fasilite kidnapin fèt fasil oubyen pou bay enfòmasyon sou moun yo bezwen kidnape a.

Swit ak arestasyon l, fòs lòd yo jwenn yon sòm 318 dola ameriken sou li ak 2 mil goud. Yon lajan Gudlet pa t kapab bay kote l jwenn li.

“Kòb mwen, m te konn ap mande Petyonvil, m te konn ap achte lajan ameriken, m te konn ap vann kachnen bò anbasad Kanada,  m konn jwenn moun konn fè m kado lajan ameriken tou bòs la”, se premye repons li te bay sila ki t ap poze l kesyon sou orijin kòb la. Men kèk tan aprè Gudlet te bay yon lòt vèsyon kote l fè konprann se sòl li fè ak tèt li, se sa ki pèmèt li rasanble kòb sila.

“Sòl mwen m fè, m achte kob mwen […] m fè sol mwen ak pwòp tèt mwen. M sanble kòb mwen, m fè sòl la ak pwòp tèt mwen pa 50 dola, 250 goud” : Saint-Eloi Gudlet Gilbert

Mete sou sa chany lan fè konprann se depi lontan l ap ekzèse metye sila depi an Repiblik dominikèn. Se sa l fè pou l viv. Yon lòt vèsyon ankò ki te kontredi premye deklarasyon l te fè yo. Anplis de sa, Gudlet fè konprann se nan mande li jwenn kòb yo, gen plizyè gwo moun ki konn mande l fè masisi pou lajan, men l pa aksepte, li pito mande.

Si enstitisyon polisyè a pa detaye pou ki gwoup gang Saint-Eloi Gudlet Gilbert ap travay, kite n raple w nan zòn kote yo arete li a depi kèk ane ensekirite a ap sakaje la, patikilyèman akòz zak kidnapin. Pako, yon lokalite ki te kè poze nan tan lontan, tounen youn nan zòn kote bandi fè anpil kidnapin. Malgre prezans lapolis nan zòn sila, malfektè yo toujou poze zak yo lè lide yo di.

N ap raple, genyen plizyè rezidan zòn Pako ki te rapòte n 26 fevriye pase a bandi Vilaj de Dye yo – ki anba lòd « Izo », ki se chèf gang 5 Segonn lan – vle pran kontwòl zòn nan piti piti, sa ki lakòz anpil moun pati kite la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.