8 nouvo jij nome madi sa a nan Lakou Kasasyon

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
8 nouvo jij nome madi sa a nan lakou kasasyon

Premye Minis Ariel Henry te nome uit (8) nouvo jij madi 28 fevriye 2023 sa a, nan Lakou Kasasyon. Nominasyon jij sa yo te konfime atravè yon arete ki te pibliye nan yon nimewo espesyal Jounal ofisyèl peyi a « LE MONITEUR ».

Nan lide pou fè Lakou Kasasyon an fonksyonèl, Gouvènman Repiblik la atravè Premye Minis Ariel Henry te nome madi sa a, uit (8) jij. Nominasyon sa yo te fèt an konsè ak manm Wo Konsèy Tranzisyon an, piske nominasyon jij nan lajistis ayisyen an se yon pati nan travay Wo Konsèy Tranzisyon an (HCT) t ap gen pou fè.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Marie Joceline Cazimir, Ketsia Charles, Frantz Drice, Maguy Florestal, Anès J. Joazéus, Louiselmé Joseph, Rameau Patrique Métellus ak Franzi Philémon se 8 nouvo jij ki nome ayè madi 28 fevriye 2023 sa a nan Lakou Kasasyon pou ranpli pòs ki vid yo, depi plis pase yon lane.

N ap souliye, dekrè oswa arete gouvènman an sou nominasyon 8 jij sa yo te pibliye ayè madi a nan kolòn Jounal ofisyèl Repiblik la « LE MONITEUR ».

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.