Direktè Jeneral Ministè Espò a kidnape pa Iwen lakay li

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
direktè jeneral ministè espò a kidnape pa iwen lakay li

Mario Florvil, direktè jeneral ministè jenès espò ak aksyon sivik, kidnape ayè madi 28 fevriye 2023 a, toupre rezidans li, sou wout Frè, nan komin Petyonvil, daprè enfòmayson ki rive jwenn redaksyon NetAlKole Media.

Daprè kèk sous, kidnapin sa a te fèt pandan viktim nan t ap fè ti kouri (Jogging) nan katye li. Menm sous sa yo ta fè konnen tou kidnapè yo deja pran kontak ak fanmi otaj la, yon fason pou yo ta negosye.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Men sepandan, nan moman redaksyon atik sa a( 12h 25 am) poko gen okenn enfòmasyon ki bay sou kantite lajan ravisè yo mande an echanj pou liberasyon Mario Florvil.

Yon lòt bò, Òganizasyon « STOP Accidents » anonse menm madi sa a, liberasyon Doktè Exalus Jeanty Fils ki te kidnape 22 fevriye nan Delmas 31.

« Koòdonatè nasyonal nou an tounen vin jwenn nou an sekirite », te enfòme « STOP Accidents » ki te tou pwofite denonse fenomèn kidnapin nan, nan peyi a kote pèsonèl sante yo ap viktim anpil dènye jou sa yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.